< Exodus 19 >

1 In the third month after the children of Israel had gone out of the land of Egypt, on that same day they came into the wilderness of Sinai.
Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a.
2 When they had departed from Rephidim, and had come to the wilderness of Sinai, they encamped in the wilderness; and there Israel encamped before the mountain.
Lè yo kite Refidim, yo rive nan dezè Sinayi a. Se la yo moute tant yo, anfas mòn lan.
3 Moses went up to God, and the LORD called to him out of the mountain, saying, “This is what you shall tell the house of Jacob, and tell the children of Israel:
Moyiz moute sou mòn lan, l' al bò kote Bondye. Seyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l': -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen:
4 ‘You have seen what I did to the Egyptians, and how I bore you on eagles’ wings, and brought you to myself.
Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.
5 Now therefore, if you will indeed obey my voice and keep my covenant, then you shall be my own possession from among all peoples; for all the earth is mine;
Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
6 and you shall be to me a kingdom of priests and a holy nation.’ These are the words which you shall speak to the children of Israel.”
Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.
7 Moses came and called for the elders of the people, and set before them all these words which the LORD commanded him.
Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
8 All the people answered together, and said, “All that the LORD has spoken we will do.” Moses reported the words of the people to the LORD.
Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la.
9 The LORD said to Moses, “Behold, I come to you in a thick cloud, that the people may hear when I speak with you, and may also believe you forever.” Moses told the words of the people to the LORD.
Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn.
10 The LORD said to Moses, “Go to the people, and sanctify them today and tomorrow, and let them wash their garments,
Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
11 and be ready for the third day; for on the third day the LORD will come down in the sight of all the people on Mount Sinai.
Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.
12 You shall set bounds to the people all around, saying, ‘Be careful that you do not go up onto the mountain, or touch its border. Whoever touches the mountain shall be surely put to death.
W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.
13 No hand shall touch him, but he shall surely be stoned or shot through; whether it is animal or man, he shall not live.’ When the trumpet sounds long, they shall come up to the mountain.”
y'a kalonnen l' kout ròch osinon y'a pèse l' ak kout flèch jouk li mouri, san pesonn p'ap bezwen manyen li ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l'. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan.
14 Moses went down from the mountain to the people, and sanctified the people; and they washed their clothes.
Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.
15 He said to the people, “Be ready by the third day. Do not have sexual relations with a woman.”
Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
16 On the third day, when it was morning, there were thunders and lightnings, and a thick cloud on the mountain, and the sound of an exceedingly loud trumpet; and all the people who were in the camp trembled.
Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
17 Moses led the people out of the camp to meet God; and they stood at the lower part of the mountain.
Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan.
18 All of Mount Sinai smoked, because the LORD descended on it in fire; and its smoke ascended like the smoke of a furnace, and the whole mountain quaked greatly.
Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
19 When the sound of the trumpet grew louder and louder, Moses spoke, and God answered him by a voice.
Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.
20 The LORD came down on Mount Sinai, to the top of the mountain. The LORD called Moses to the top of the mountain, and Moses went up.
Seyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li.
21 The LORD said to Moses, “Go down, warn the people, lest they break through to the LORD to gaze, and many of them perish.
Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri.
22 Let the priests also, who come near to the LORD, sanctify themselves, lest the LORD break out on them.”
Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m', se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo.
23 Moses said to the LORD, “The people cannot come up to Mount Sinai, for you warned us, saying, ‘Set bounds around the mountain, and sanctify it.’”
Moyiz di Seyè a: -Pèp la p'ap kapab moute sou mòn Sinayi a, paske se ou menm ki defann yo moute, lè ou te di: Trase yon limit toutalantou mòn lan, mete l' apa pou mwen.
24 The LORD said to him, “Go down! You shall bring Aaron up with you, but do not let the priests and the people break through to come up to the LORD, lest he break out against them.”
Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo.
25 So Moses went down to the people, and told them.
Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay.

< Exodus 19 >