< Exodus 18 >

1 Now Jethro, the priest of Midian, Moses’ father-in-law, heard of all that God had done for Moses and for Israel his people, how the LORD had brought Israel out of Egypt.
Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
2 Jethro, Moses’ father-in-law, received Zipporah, Moses’ wife, after he had sent her away,
Jéthro, bòpè Moïse la, te pran Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale,
3 and her two sons. The name of one son was Gershom, for Moses said, “I have lived as a foreigner in a foreign land”.
ansanm avèk de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
4 The name of the other was Eliezer, for he said, “My father’s God was my help and delivered me from Pharaoh’s sword.”
Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
5 Jethro, Moses’ father-in-law, came with Moses’ sons and his wife to Moses into the wilderness where he was encamped, at the Mountain of God.
Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a.
6 He said to Moses, “I, your father-in-law Jethro, have come to you with your wife, and her two sons with her.”
Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
7 Moses went out to meet his father-in-law, and bowed and kissed him. They asked each other of their welfare, and they came into the tent.
Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.
8 Moses told his father-in-law all that the LORD had done to Pharaoh and to the Egyptians for Israel’s sake, all the hardships that had come on them on the way, and how the LORD delivered them.
Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.
9 Jethro rejoiced for all the goodness which the LORD had done to Israel, in that he had delivered them out of the hand of the Egyptians.
Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.
10 Jethro said, “Blessed be the LORD, who has delivered you out of the hand of the Egyptians, and out of the hand of Pharaoh; who has delivered the people from under the hand of the Egyptians.
Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.
11 Now I know that the LORD is greater than all gods because of the way that they treated people arrogantly.”
Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
12 Jethro, Moses’ father-in-law, took a burnt offering and sacrifices for God. Aaron came with all the elders of Israel, to eat bread with Moses’ father-in-law before God.
Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
13 On the next day, Moses sat to judge the people, and the people stood around Moses from the morning to the evening.
Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.
14 When Moses’ father-in-law saw all that he did to the people, he said, “What is this thing that you do for the people? Why do you sit alone, and all the people stand around you from morning to evening?”
Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
15 Moses said to his father-in-law, “Because the people come to me to inquire of God.
Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.
16 When they have a matter, they come to me, and I judge between a man and his neighbor, and I make them know the statutes of God, and his laws.”
Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
17 Moses’ father-in-law said to him, “The thing that you do is not good.
Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon.
18 You will surely wear away, both you, and this people that is with you; for the thing is too heavy for you. You are not able to perform it yourself alone.
Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
19 Listen now to my voice. I will give you counsel, and God be with you. You represent the people before God, and bring the causes to God.
“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.
20 You shall teach them the statutes and the laws, and shall show them the way in which they must walk, and the work that they must do.
Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
21 Moreover you shall provide out of all the people able men which fear God: men of truth, hating unjust gain; and place such over them, to be rulers of thousands, rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens.
“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.
22 Let them judge the people at all times. It shall be that every great matter they shall bring to you, but every small matter they shall judge themselves. So shall it be easier for you, and they shall share the load with you.
Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. “Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou.
23 If you will do this thing, and God commands you so, then you will be able to endure, and all these people also will go to their place in peace.”
Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
24 So Moses listened to the voice of his father-in-law, and did all that he had said.
Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo.
25 Moses chose able men out of all Israel, and made them heads over the people, rulers of thousands, rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens.
Moïse te chwazi mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn.
26 They judged the people at all times. They brought the hard cases to Moses, but every small matter they judged themselves.
Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
27 Moses let his father-in-law depart, and he went his way into his own land.
Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.

< Exodus 18 >