< Psalmen 70 >

1 Voor muziekbegeleiding. Van David. Bij het reukoffer. Gewaardig U, mij te verlossen, o God; Jahweh, snel mij te hulp!
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
2 Laat smaad en ontering hen treffen, Die mijn leven belagen; Laat ze vluchten met schande, Die zich vrolijk over mijn ongeluk maken,
Kite (sila) k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite (sila) ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
3 En verstarren van schaamte, Die tot mij roepen: "Ha, ha!"
Kite (sila) ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4 Maar in U mogen jubelen, Al die U zoeken; Zonder ophouden zeggen: "God is groot!" Die verlangend zijn naar uw heil.
Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite (sila) ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”.
5 Ik ben ellendig en arm, God, kom mij te hulp! Gij zijt mijn helper en redder: Toef niet, o Jahweh!
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.

< Psalmen 70 >