< Salme 64 >

1 (Til sangmesteren. En salme af David.) Hør, o Gud, min røst, når jeg klager, skærm mit Liv mod den rædsomme Fjende;
Pou direktè koral la. Yon Sòm David. Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
2 skjul mig for Ugerningsmændenes Råd, for Udådsmændenes travle Hob.
Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a (sila) ki fè mechanste yo.
3 der hvæsser Tungen som Sværd, lægger giftige Ord på Buen
Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
4 for i Løn at ramme den skyldfri, ramme ham brat og uset.
pou tire an kachèt sou (sila) ki inosan yo. Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
5 Ihærdigt lægger de onde Råd, skryder af, at de lægger Snarer siger: "Hvem skulde se os?"
Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
6 De udtænker onde Gerninger, fuldfører en gennemtænkt Tanke - og Menneskets Indre og Hjerte er dybt.
Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
7 Da rammer Gud dem med en Pil af Slaget rammes de brat;
Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. Sibitman, yo va blese.
8 han styrter dem for deres Tunges Skyld. Enhver, som ser dem, ryster på Hovedet;
Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
9 alle Mennesker frygter, forkynder, hvad Gud har gjort, og fatter hans Hænders Geming;
Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
10 de retfærdige glædes i HERREN og lider på ham, de oprigtige af Hjertet jubler til Hobe!
Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

< Salme 64 >