< Salme 62 >

1 (Til sangmesteren. Til Jedutun. En salme af David.) Min Sjæl er Stille for Gud alene, min Frelse kommer fra ham;
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye. Sali m se nan Li.
2 ja, han er min Klippe, min Frelse, mit Værn, jeg skal ikke rokkes meget.
Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò pa p boulvèse m.
3 Hvor længe stormer I løs på en Mand, - alle slår I ham ned - som på en hældende Væg, en faldende Mur?
Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?
4 Ja, de oplægger Råd om at styrte ham fra hans Højhed. De elsker Løgn, velsigner med Munden, men forbander i deres Indre. (Sela)
Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
5 Vær stille hos Gud alene, min Sjæl, thi fra ham kommer mit Håb;
Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye. Paske espwa mwen se nan Li.
6 ja, han er min Klippe, min Frelse, mit Værn, jeg skal ikke rokkes.
Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Mwen p ap ebranle menm.
7 Hos Gud er min Hjælp og min Ære, min stærke Klippe, min Tilflugt har jeg i Gud;
Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
8 stol på ham, al Folkets Forsamling, udøs for ham eders Hjerte, Gud er vor Tilflugt. (Sela)
Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.
9 Kun Tomhed er Mennesker, Mænd en Løgn, på Vægtskålen vipper de op, de er Tomhed til Hobe.
Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
10 Forlad eder ikke på vold, lad jer ikke blænde af Ran; om Rigdommen vokser, agt ikke derpå!
Pa mete konfyans nan peze kou moun desann. Ni pa mete fo espwa nan vòlè. Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
11 Een Gang talede Gud, to Gange hørte jeg det: at Magten er Guds,
Yon fwa, Bondye te pale. De fwa, mwen gen tan tande sa: Ke pouvwa, se pou Bondye.
12 Og Miskundhed er hos dig, o Herre. Thi enhver gengælder du efter hans Gerning.
Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè. Paske Ou bay rekonpans a lòm selon zèv li yo.

< Salme 62 >