< Salme 37 >

1 (Af David.) Græm dig ikke over Ugerningsmænd, misund ikke dem, der gør Uret!
Yon Sòm David Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
2 Thi hastigt svides de af som Græsset, visner som det friske Grønne.
Paske yo va fennen vit tankou zèb chan, e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Stol på HERREN og gør det gode, bo i Landet og læg Vind på Troskab,
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 da skal du have din Fryd i HERREN, og han skal give dig, hvad dit Hjerte attrår.
Pran plezi ou nan SENYÈ a. Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
5 Vælt din Vej på HERREN, stol på ham, så griber han ind
Dedye chemen ou a SENYÈ a. Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 og fører din Retfærdighed frem som Lyset, din Ret som den klare Dag.
Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè, Ak jijman ou klere kon midi.
7 Vær stille for HERREN og bi på ham, græm dig ej over den, der har Held, over den, der farer med Rænker.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz (sila) ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Tæm din Harme, lad Vreden fare, græm dig ikke, det volder kun Harm.
Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Thi Ugerningsmænd skal ryddes ud, men de, der bier på HERREN, skal arve Landet.
Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men (sila) k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 En liden Stund, og den gudløse er ikke mere; ser du hen til hans Sted, så er han der ikke.
Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.
11 Men de sagtmodige skal arve Landet, de fryder sig ved megen Fred.
Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
12 Den gudløse vil den retfærdige ilde og skærer Tænder imod ham;
Mechan an fè konplo kont (sila) ki dwat yo. Li manje dan l sou li.
13 men Herren, han ler ad ham, thi han ser hans Time komme.
SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
14 De gudløse drager Sværdet og spænder Buen for at fælde arm og fattig, for at nedslagte dem, der vandrer ret;
Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye (sila) ki dwat nan kondwit yo.
15 men Sværdet rammer dem selv i Hjertet, og Buerne brydes sønder og sammen.
Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. Banza yo ap kase.
16 Det lidt, en retfærdig har, er bedre end mange gudløses Rigdom;
Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.
17 thi de gudløses Arme skal brydes, men HERREN støtter de retfærdige;
Paske bra a mechan yo va kase, men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
18 HERREN kender de uskyldiges Dage, deres Arvelod bliver evindelig;
SENYÈ a konnen jou a (sila) ki dwat yo. Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
19 de beskæmmes ikke i onde Tider, de mættes i Hungerens Dage.
Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
20 Thi de gudløse går til Grunde, som Engenes Pragt er HERRENs Fjender, de svinder, de svinder som Røg.
Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.
21 Den gudløse låner og bliver i Gælden, den retfærdige ynkes og giver;
Mechan an prete, men li pa remèt, men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 de, han velsigner, skal arve Landet, de, han forbander, udryddes.
Paske (sila) ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men (sila) ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
23 Af HERREN stadfæstes Mandens Skridt, når han har Behag i hans Vej;
Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 om end han snubler, falder han ikke, thi HERREN støtter hans Hånd.
Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se (Sila) ki kenbe men li an.
25 Ung har jeg været, og nu er jeg gammel, men aldrig så jeg en retfærdig forladt eller hans Afkom tigge sit Brød;
Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun, men mwen poko wè moun dwat ki abandone, ni desandan li yo k ap mande pen.
26 han ynkes altid og låner ud, og hans Afkom er til Velsignelse.
Tout lajounen, moun dwat la plen ak gras pou prete moun. Desandan li yo se yon benediksyon.
27 Vig fra ondt og øv godt, så bliver du boende evindelig;
Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.
28 thi HERREN elsker Ret og svigter ej sine fromme. De onde udslettes for evigt, de gudløses Afkom udryddes;
Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.
29 de retfærdige arver Landet og skal bo der til evig Tid.
Moun ladwati yo va eritye peyi a, pou viv ladann pou tout tan.
30 Den retfærdiges Mund taler Visdom; hans Tunge siger, hvad ret er;
Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
31 sin Guds Lov har han i Hjertet, ikke vakler hans Skridt.
Lalwa Bondye nan kè li. Pa li yo pa janm glise.
32 Den gudløse lurer på den retfærdige og står ham efter Livet,
Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.
33 men, HERREN giver ham ej i hans Hånd og lader ham ikke dømmes for Retten.
SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li, ni kite li kondane lè li jije.
34 Bi på HERREN og bliv på hans Vej, så skal han ophøje dig til at arve Landet; du skal skue de gudløses Undergang.
Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
35 Jeg har set en gudløs trodse, bryste sig som en Libanons Ceder
Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
36 men se, da jeg gik der forbi, var han borte; da jeg søgte ham, fandtes han ikke.
Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò. Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
37 Vogt på Uskyld, læg Vind på Oprigtighed, thi Fredens Mand har en Fremtid;
Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.
38 men Overtræderne udryddes til Hobe, de gudløses Fremtid går tabt.
Men pechè a va detwi nèt. Posterite a mechan an va koupe retire nèt.
39 De retfærdiges Frelse kommer fra HERREN, deres Tilflugt i Nødens Stund;
Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a. Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
40 HERREN hjælper og frier dem, fra de gudløse frier og frelser han dem; thi hos ham har de søgt deres Tilflugt.
SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.

< Salme 37 >