< Salme 22 >

1 (Til sangmesteren. Efter "morgenrødens hind". En salme af David.) Min Gud, min Gud, hvorfor har du forladt mig? Mit Skrig til Trods er Frelsen mig fjern.
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an; Yon sòm David. Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 Min Gud, jeg råber om Dagen, du svarer ikke, om Natten, men finder ej Hvile.
O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Og dog er du den hellige, som troner på Israels Lovsange.
Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.
4 På dig forlod vore Fædre sig, forlod sig, og du friede dem;
Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. Yo te mete konfyans yo nan Ou, e Ou te delivre yo.
5 de råbte til dig og frelstes, forlod sig på dig og blev ikke til Skamme.
A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6 Men jeg er en Orm og ikke en Mand, til Spot for Mennesker, Folk til Spe;
Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.
7 alle, der ser mig, håner mig, vrænger Mund og ryster på Hovedet:
Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:
8 "Han har væltet sin Sag på HERREN; han fri ham og frelse ham, han har jo Velbehag i ham."
Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Ja, du drog mig af Moders Liv, lod mig hvile trygt ved min Moders Bryst;
Sepandan, Ou menm se (Sila) ki te fè m sòti nan vant manman m nan. Ou te fè m gen konfyans depi m t ap souse tete manman m.
10 på dig blev jeg kastet fra Moders Skød, fra Moders Liv var du min Gud.
Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 Vær mig ikke fjern, thi Trængslen er nær, og ingen er der, som hjælper!
Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Stærke Tyre står omkring mig, Basans vældige omringer mig,
Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.
13 spiler Gabet op imod mig som rovgridske, brølende Løver.
Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.
14 Jeg er som Vand, der er udgydt, alle mine Knogler skilles, mit Hjerte er blevet som Voks, det smelter i Livet på mig;
Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.
15 min Gane er tør som et Potteskår til Gummerne klæber min Tunge, du lægger mig ned i Dødens Støv.
Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Thi Hunde står omkring mig, onde i Flok omringer mig, de har gennemboret mine Hænder og Fødder,
Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.
17 jeg kan tælle alle mine Ben; med Skadefryd ser de på mig.
Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18 Mine Klæder deler de mellem sig, om Kjortelen kaster de Lod.
Yo divize rad mwen pami yo. Pou vètman m, yo tire osò.
19 Men du, o HERRE, vær ikke fjern, min Redning, il mig til Hjælp!
Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
20 Udfri min Sjæl fra Sværdet, min eneste af Hundes Vold!
Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Frels mig fra Løvens Gab, fra Vildoksens Horn! Du har bønhørt mig.
Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.
22 Dit Navn vil jeg kundgøre for mine Brødre, prise dig midt i Forsamlingen:
Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 "I, som frygter HERREN, pris ham, ær ham; al Jakobs Æt, bæv for ham, al Israels Æt!
Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo.
24 Thi han foragtede ikke, forsmåede ikke den armes Råb, skjulte ikke sit Åsyn for ham, men hørte, da han råbte til ham!"
Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
25 Jeg vil synge din Pris i en stor Forsamling, indfri mine Løfter iblandt de fromme;
Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan (sila) ki krent Li yo.
26 de ydmyge skal spise og mættes; hvo HERREN søger, skal prise ham; deres Hjerte leve for evigt!
Aflije yo va manje e va satisfè. (Sila) ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 Den vide Jord skal mærke sig det og omvende sig til HERREN, og alle Folkenes Slægter skal tilbede for hans Åsyn;
Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.
28 thi HERRENs er Riget, han er Folkenes Hersker.
Paske wayòm nan se pou SENYÈ a, e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 De skal tilbede ham alene, alle Jordens mægtige; de skal bøje sig for hans Åsyn, alle, der nedsteg i Støvet og ikke holdt deres Sjæl i Live.
Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout (sila) ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm (sila) ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Ham skal Efterkommeme tjene; om HERREN skal tales til Slægten, der kommer;
Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an.
31 de skal forkynde et Folk, der fødes, hans Retfærd. Thi han greb ind.
Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

< Salme 22 >