< Salme 104 >

1 Min sjæl, lov Herren! Herren min Gud, du er såre stor! Du er klædt i Højhed og Herlighed,
Beni SENYÈ a, O nanm mwen! O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran. Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
2 hyllet i Lys som en Kappe! Himlen spænder du ud som et Telt;
Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3 du hvælver din Højsal i Vandene, gør Skyerne til din Vogn, farer frem på Vindens Vinger;
Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.
4 Vindene gør du til Sendebud, Ildsluer til dine Tjenere!
Li fè van yo vin mesaje Li. Flanm dife yo se minis Li.
5 Du fæsted Jorden på dens Grundvolde, aldrig i Evighed rokkes den;
Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li, pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
6 Verdensdybet hylled den til som en Klædning, Vandene stod over Bjerge.
Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman. Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
7 For din Trusel flyede de, skræmtes bort ved din Tordenrøst,
Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
8 for op ad Bjerge og ned i Dale til det Sted, du havde beredt dem;
Mòn yo te leve, vale yo te vin fon nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
9 du satte en Grænse, de ej kommer over, så de ikke igen skal tilhylle Jorden.
Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase, pou yo pa retounen kouvri tè a.
10 Kilder lod du rinde i Dale, hen mellem Bjerge flød de;
Li fè sous yo vin koule nan vale yo. Yo koule antre mòn yo.
11 de læsker al Markens Vildt, Vildæsler slukker deres Tørst;
Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo. Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 over dem bygger Himlens Fugle, mellem Grenene lyder deres Kvidder.
Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay. Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Fra din Højsal vander du Bjergene, Jorden mættes fra dine Skyer;
Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14 du lader Græs gro frem til Kvæget og Urter til Menneskets Tjeneste, så du frembringer Brød af Jorden
Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi pou zèv a lòm nan, pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 og Vin, der glæder Menneskets Hjerte, og lader Ansigtet glinse af Olie, og Brødet skal styrke Menneskets Hjerte.
e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
16 HERRENs Træer bliver mætte, Libanons Cedre, som han har plantet,
Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen, pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17 hvor Fuglene bygger sig Rede; i Cypresser har Storken sin Bolig.
kote zwazo yo fè nich yo. Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18 Højfjeldet er for Stenbukken, Klipperne Grævlingens Tilflugt.
Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo. Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
19 Du skabte Månen for Festernes Skyld, Solen kender sin Nedgangs Tid;
Li te fè lalin nan pou sezon yo. Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20 du sender Mørke, Natten kommer, da rører sig alle Skovens Dyr;
Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit, pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21 de unge Løver brøler efter Rov, de kræver deres Føde af Gud.
Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo, e chache manje yo nan men Bondye.
22 De sniger sig bort, når Sol står op, og lægger sig i deres Huler;
Solèy la vin leve. Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23 Mennesket går til sit Dagværk, ud til sin Gerning, til Kvæld falder på.
Lòm ale fè travay li. Li fè fòs jis lannwit rive.
24 Hvor mange er dine Gerninger, HERRE, du gjorde dem alle med Visdom; Jorden er fuld af, hvad du har skabt!
O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Der er Havet, stort og vidt, der vrimler det uden Tal af Dyr, både små og store;
Genyen lanmè, gran e vast. Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte gwo bèt, kòn ti bèt.
26 Skibene farer der, Livjatan, som du danned til Leg deri.
Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27 De bier alle på dig, at du skal give dem Føde i Tide;
Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28 du giver dem den, og de sanker, du åbner din Hånd, og de mættes med godt.
Ou bay yo, e yo ranmase li. Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29 Du skjuler dit Åsyn, og de forfærdes; du tager deres Ånd, og de dør og vender tilbage til Støvet;
Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30 du sender din Ånd, og de skabes, Jordens Åsyn fornyer du.
Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye. Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31 HERRENs Herlighed vare evindelig, HERREN glæde sig ved sine Værker!
Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32 Et Blik fra ham, og Jorden skælver, et Stød fra ham, og Bjergene ryger
Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33 Jeg vil synge for HERREN, så længe jeg lever, lovsynge min Gud, den Tid jeg er til.
Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34 Min Sang være ham til Behag, jeg har min Glæde i HERREN.
Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35 Måtte Syndere svinde fra Jorden og gudløse ikke mer være til! Min Sjæl, lov HERREN! Halleluja!
Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!

< Salme 104 >