< 4 Mosebog 1 >

1 HERREN talede således til Moses i Sinaj Ørken i Åbenbaringsteltet på den første Dag i den anden Måned af det andet år efter deres Udvandring fra Ægypten:
SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:
2 Optag det samlede Tal på hele Israelitternes Menighed efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved at tælle Navnene på alle af Mandkøn, Hoved for Hoved;
“Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt,
3 fra Tyveårsalderen og opefter skal du og Aron mønstre alle våbenføre Mænd i Israel, Hærafdeling for Hærafdeling;
soti nan ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo.
4 en Mand af hver Stamme skal hjælpe eder dermed, Overhovedet for Stammens Fædrenehuse.
Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li.
5 Navnene på de Mænd, der skal stå eder bi, er følgende: Af Ruben Elizur, Sjedeurs Søn;
“Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur;
6 af Simeon Sjelumiel, Zurisjaddajs Søn;
pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï;
7 af Juda Nahasjon, Amminadabs Søn;
pou Juda: Nachschon, fis a Amminadab;
8 af Issakar Netanel, Zuars Søn;
pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar;
9 af Zebulon Eliab, Helons Søn;
pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon;
10 af Josefs Sønner: Af Efraim Elisjama, Ammihuds Søn, af Manasse Gamliel, Pedazurs Søn;
pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur;
11 af Benjamin Abidan, Gidonis Søn;
pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni;
12 af Dan Ahiezer, Ammisjaddajs Søn;
pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï;
13 af Aser Pagiel, Okrans Søn;
pou Aser: Paguiel, fis a Ocran;
14 af Gad Eljasaf, Deuels Søn,
pou Gad: Éliasapah, fis a Déuel;
15 og af Naftali Ahira, Enans Søn.
pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.”
16 Det var de Mænd, der udtoges af Menigheden, Øversterne for deres Fædrenestammer, Overhovederne for Israels Stammer.
Se sila yo ki te rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël.
17 Da tog Moses, og Aron disse Mænd, hvis Navne var nævnet,
Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo.
18 og de kaldte hele Menigheden sammen på den første Dag i den anden Måned. Så lod de sig indføre i Familielisterne efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, Hoved for Hoved,
Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.
19 som HERREN havde pålagt Moses. Således mønstrede han dem i Sinaj Ørken.
Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.
20 Rubens, Israels førstefødtes, Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene Hoved for Hoved, alle af Mandkøn fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
21 de, som mønstredes af Rubens Stamme, udgjorde 46500.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san.
22 Simeons Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, så mange af dem, som mønstredes ved Optælling af Navnene Hoved for Hoved, alle af Mandkøn, fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
23 de, som mønstredes af Simeons Stamme, udgjorde 59 300.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san.
24 Gads Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
25 de, som mønstredes af Gads Stamme, udgjorde 45650.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant.
26 Judas Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
27 de, som mønstredes af Judas Stamme, udgjorde 74600.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san.
28 Issakars Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
29 de, som mønstredes af Issakars Stamme, udgjorde 54 400.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san.
30 Zebulons Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
31 de, som mønstredes af Zebulons Stamme, udgjorde 57 400.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san.
32 Josefs Sønner: Efraims Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
33 de, som mønstredes af Efraims Stamme, udgjorde 40500;
Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san.
34 Manasses Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
35 de, som mønstredes af Manasses Stamme, udgjorde 32200.
Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san.
36 Benjamins Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd.
Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
37 de, som mønstredes at Benjamins Stamme, udgjorde 35400.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san.
38 Dans Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
39 de, som mønstredes af Dans Stamme, udgjorde 62 700.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san.
40 Asers Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
41 de, som mønstredes af Asers Stamme, udgjorde 41 500.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san.
42 Naftalis Sønner, deres Efterkommere efter deres Slægter, efter deres Fædrenehuse, ved Optælling af Navnene fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd,
Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
43 de, som mønstredes af Naftalis Stamme, udgjorde 53 400.
Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san.
44 Det var dem, som mønstredes, dem, Moses og Aron og Israels tolv Øverster, en for hvert Fædrenehus, mønstrede.
Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo.
45 Og alle, som mønstredes af Israeliterne efter deres Fædrenehuse fra Tyveårsalderen og opefter, alle våbenføre Mænd i Israel,
Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël.
46 alle, som mønstredes, udgjorde 603 550.
Jiskaske tout mesye ki te konte yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant.
47 Men Leviterne efter deres Fædrenestamme mønstredes ikke sammen med dem.
Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo.
48 HERREN talede til Moses og sagde:
Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
49 Kun Levis Stamme må du ikke mønstre, og dens samlede Tal må du ikke optage sammen med de andre Israeliters.
“Sèlman tribi Levi a, nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo.
50 Du skal overdrage Leviterne Tilsynet med Vidnesbyrdets Bolig, alle dens Redskaber og alt dens Tilbehør; de skal bære Boligen og alle dens Redskaber, de skal betjene den, og rundt om Boligen skal de have deres Lejr.
Men nou va chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la.
51 Når Boligen skal bryde op, skal Leviterne tage den ned, og når Boligen skal gå i Lejr, skal Leviterne rejse den. Enhver Lægmand, der kommer den nær, skal lide Døden.
Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò.
52 Israeliterne skal lejre sig hver i sin Lejrafdeling og under sit Felttegn, Hærafdeling for Hærafdeling,
“Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.
53 men Leviterne skal lejre sig rundt om Vidnesbyrdets Bolig, for at der ikke skal komme Vrede over Israelitternes Menighed; og Leviterne skal tage Vare på, hvad der er at varetage ved Vidnesbyrdets Bolig.
Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”
54 Og Israeliterne gjorde ganske, hvad HERREN havde pålagt Moses.
Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.

< 4 Mosebog 1 >