< Job 38 >

1 Så svarede HERREN Job ud fra Stormvejret og sagde:
Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
2 "Hvem fordunkler mit Råd med Ord, som er uden Mening?
Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an ak pawòl san konesans yo?
3 Omgjord som en Mand dine Lænder, jeg vil spørge, og du skal lære mig!
Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!
4 Hvor var du, da jeg grundede Jorden? Sig frem, om du har nogen Indsigt!
“Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,
5 Hvem bestemte dens Mål - du kender det jo - hvem spændte Målesnor ud derover?
Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen? Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
6 Hvorpå blev dens Støtter sænket, hvem lagde dens Hjørnesten,
Sou kilès baz li yo te fonse? Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
7 mens Morgenstjernerne jubled til Hobe, og alle Gudssønner råbte af Glæde?
lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
8 Hvem stængte for Havet med Porte, dengang det brusende udgik af Moders Skød,
“Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo, lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
9 dengang jeg gav det Skyen til Klædning og Tågemulm til Svøb,
lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
10 dengang jeg brød det en Grænse og indsatte Portslå og Døre
epi Mwen te plase lizyè sou li, e te kadnase pòt li yo,
11 og sagde: "Hertil og ikke længer! Her standse dine stolte Vover!"
lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis; men la vag ògèy ou va rete’?
12 Har du nogen Sinde kaldt Morgenen frem, ladet Morgenrøden vide sit Sted,
“Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive, e fè solèy granmaten an konnen plas li,
13 så den greb om Jordens Flige og gudløse rystedes bort,
pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè e souke l nèt pou yo sòti ladann?
14 så den dannedes til som Ler under Segl, fik Farve, som var den en Klædning?
Li vin chanje tankou ajil anba yon so; epi prezante la tankou yon abiman.
15 De gudløses Lys toges fra dem, den løftede Arm blev knust.
Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.
16 Har du mon været ved Havets Kilder, har du mon vandret på Dybets Bund?
“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
17 Mon Dødens Porte har vist sig for dig, skued du Mulmets Porte?
Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
18 Så du ud over Jordens Vidder? Sig frem, om du ved, hvor stor den er!
Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.
19 Hvor er Vejen til Lysets Bolig, og hvor har Mørket mon hjemme,
“Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a? Epi tenèb la, kote landwa li,
20 så du kunde hente det til dets Rige og bringe det hen på Vej til dets Bolig?
pou ou ta mennen li nan limit li, pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
21 Du ved det, du blev jo født dengang, dine Dages Tal er jo stort!
Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa, e kantite jou ou yo vast!
22 Har du været, hvor Sneen gemmes, og skuet, hvor Hagelen vogtes,
Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo, oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
23 den, jeg gemmer til Trængselens Tid, til Kampens og Krigens Dag?
ke M te rezève pou tan twoub la, pou jou lagè ak batay la?
24 Hvor er Vejen did, hvor Lyset deler sig, hvor Østenvinden spreder sig ud over Jorden?
Kote chemen a ki pou fè loray divize a oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
25 Hvem åbnede Regnen en Rende og Tordenens Lyn en Vej
“Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an, oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
26 for at væde folketomt Land, Ørkenen, hvor ingen bor,
Pou mennen lapli nan yon teren kote nanpwen moun, nan yon dezè san pèsòn ladann,
27 for at kvæge Øde og Ødemark og fremkalde Urter i Ørkenen?
Pou satisfè yon peyi savann dezole e fè grenn zèb yo vin jèmen.
28 Har Regnen mon en Fader, hvem avlede Duggens Dråber?
Èske lapli gen papa? Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
29 Af hvilket Skød kom Isen vel frem, hvem fødte mon Himlens Rim?
Nan ki vant manman a sila glas la te sòti? Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
30 Vandet størkner som Sten, Dybets Flade trækker sig sammen.
Dlo vin di tankou wòch e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
31 Knytter du Syvstjernens Bånd, kan du løse Orions Lænker?
“Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo, oswa lage kòd zetwal Orion yo?
32 Lader du Aftenstjemen gå op i Tide, leder du Bjørnen med Unger?
Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo, oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
33 Kender du Himmelens Love, fastsætter du dens Magt over Jorden?
Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
34 Kan du løfte Røsten til Sky, så Vandskyl adlyder dig?
Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo, pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
35 Sender du Lynene ud, så de går, og svarer de dig: "Her er vi!"
Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
36 Hvem lagde Visdom i sorte Skyer, hvem gav Luftsynet Kløgt?
Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm, oswa te bay bon konprann nan panse a?
37 Hvem er så viis, at han tæller Skyerne, hvem hælder Himmelens Vandsække om,
Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
38 når Jorden ligger i Ælte, og Leret klumper sig sammen?
Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo e bòl tè yo vin kole ansanm?
39 Jager du Rov til Løvinden, stiller du Ungløvers hunger,
“Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje, oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
40 når de dukker sig i deres Huler; ligger på Lur i Krat?
Lè yo kouche nan kav pa yo e kouche tann pèlen bò lakay yo?
41 Hvem skaffer Ravnen Æde, når Ungerne skriger til Gud og flakker om uden Føde?
Se kilès ki prepare manje pou kòbo a lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?

< Job 38 >