< Første Krønikebog 12 >

1 Følgende er de, der kom til David i Ziklag, medens han måtte holde sig skjult for Saul, Kisj's Søn. De hørte til Heltene, som hjalp til i Kampen;
Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo.
2 de var væbnet med Bue og øvet i Stenkast og Pileskydning både med højre og venstre Hånd; de hørte til Sauls Brødre, Benjaminiterne.
Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an.
3 Deres Overhoved var Ahiezer; dernæst Joasj, Sjema'as Søn, fra Gibea, Jeziel og Pelet, Azmavets Sønner, Beraka, Jehu fra Anatot,
Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la;
4 Jisjmaja fra Gibeon, en Helt blandt de tredive og Høvedsmand over de tredive, Jirme'ja, Jahaziel, Johanan, Jozabad fra Gedera,
Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;
5 El'uzaj, Jerimot, Bealja, Sjemarja, Sjefatja fra Harif,
Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la;
6 Elkana, Jissjija, Azar'el, Jo'ezer og Jasjobam, Koraiterne,
Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo;
7 Joela og Zebadja, Sønner af Jeroham fra Gedor.
ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
8 Af Gaditerne slutfede nogle sig dygtige Krigere, øvede Krigsmænd, væbnet med Skjold og Spyd; de var som Løver at se på og rappe som Gazellerne på Bjergene.
Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn.
9 Deres Overhoved var Ezer, Obadja den anden, Eliab den tredje,
Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan,
10 Masjmanna den fjerde, Jirmeja den femte,
Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan,
11 Attaj den sjette, Eliel den syvende,
Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan,
12 Johanan den ottende, Elzabad den niende,
Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan,
13 Jirmeja den tiende, Makbannaj den ellevte.
Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan.
14 De var Anførere blandt Gaditerne; den mindste af dem tog det op med hundrede, den største med tusind.
Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye.
15 Det var dem, der gik over Jordan i den første Måned, engang den overalt var gået over sine Bredder, og slog alle Dalboerne på Flugt både mod Øst og Vest.
Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
16 Engang kom nogle Benjaminiter og Judæere til David i Klippeborgen;
Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la.
17 David gik ud til dem, tog til Orde og sagde: "Hvis I kommer til mig i fredelig Hensigt, for at hjælpe mig, er jeg af Hjertet rede til at gøre fælles Sag med eder; men er det for at forråde mig til mine Fjender, skønt der ikke er Uret i mine Hænder, da se vore Fædres Gud til og straffe det!"
David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.”
18 Så iførte Ånden sig Amasaj, de tredives Anfører, og han sagde: "For dig, David, og med dig, Isajs Søn! Fred, Fred være med dig, og Fred med dine Hjælpere, thi dig hjælper din Gud!" Da tog David imod dem og satte dem i Spidsen for Krigerskaren.
Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
19 Af Manasse gik nogle over til David. Det var, dengang han sammen med Filisterne drog i Kamp mod Saul, uden at han dog blev dem til Hjælp, fordi Filisternes Fyrster efter at have holdt Rådslagning sendte ham bort, idet de sagde: "Det koster vore Hoveder, hvis han går over til sin Herre Saul!"
Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”
20 Da han så drog til Ziklag, gik følgende Manassiter over til ham: Adna, Jozabad, Jediael, Mikael, Jozabad, Elibu og Zilletaj, der var Overhoveder for Slægter i Manasse;
Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo.
21 de hjalp siden David imod Strejfskarerne, thi de var alle dygtige Krigere og blev Førere i Hæren.
Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a.
22 Der kom nemlig daglig Folk til David for at hjælpe ham, så det til sidst blev en stor Hær, stor som Guds Hær.
Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.
23 Følgende er Tallene på Førerne for de væbnede Krigere, der kom til David i Hebron for at gøre ham til Konge i Sauls Sted efter HERRENs Bud:
Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a.
24 Af Judæere, der har Skjold og Spyd, 6800 væbnede Krigere;
Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè.
25 af Simeoniterne 7100 dygfige Krigshelte;
Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san.
26 af Leviterne 4600,
Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san.
27 dertil Øverstenover Arons Slægt, Jojada, fulgt af 3700,
Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san,
28 og Zadok, en ung, dygtig Kriger, med sit Fædrenehus, 22 Førere;
anplis, Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn.
29 af Benjaminiterne, Sauls Brødre, 3000, men de fleste af dem holdt endnu fast ved Sauls Hus;
Nan fis Benjamin yo, fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul.
30 af Efraimiterne 20800 dygtige Krigere, navnkundige Mænd i deres Fædrenehuse;
Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo.
31 af Manasses halve Stamme 18.000 navngivne Mænd, der skulde gå hen og gøre David til Konge;
Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa.
32 af Issakariterne, der forstod sig på Tiderne, så de skønnede, hvad Israel havde at gøre, 200 Førere og alle deres Brødre, der stod under dem;
Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.
33 af Zebulon 50.000, øvede Krigere, udrustet med alle Hånde Våben, med een Vilje rede til Kamp;
Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm.
34 af Naftali 1.000 Førere, fulgt af 37.000 Mænd med Skjold og Spyd;
Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans.
35 af Daniterne 28.600, udrustede Mænd;
Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san.
36 af Aser 40.000, øvede Krigere, rustet til Kamp;
Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la.
37 fra den anden Side af Jordan, fra Rubeniterne, Gaditerne og Manasses halve Stamme, 120.000 Mænd med alle Hånde Krigsvåben.
Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
38 Med helt Hjerte og rede til Kamp kom alle disse Krigere til Hebron for at gøre David til Konge over hele Israel; men også det øvrige Israel var endrægtigt med til at gøre David til Konge.
Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa.
39 De blev der hos David i tre Dage og spiste og drak, thi deres Brødre havde forsynet dem;
Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo.
40 også de, der boede i deres Nærhed lige til Issakar, Zebulon og Naftali, bragte dem Levnedsmidler på Æsler, Kameler, Muldyr og Okser, Fødevarer af Mel, Figenkar, Rosinkager, Vin, Olie, Hornkvæg og Småkvæg i Mængde; thi der var Glæde i Israel.
Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.

< Første Krønikebog 12 >