< 2 Kronická 23 >

1 Léta pak sedmého posilnil se Joiada, a pojal s sebou v smlouvu setníky, Azariáše syna Jerochamova, a Izmaele syna Jochananova, a Azariáše syna Obédova, a Maaseiáše syna Adaiášova, a Elizafata syna Zichri,
Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li.
2 Kteříž obcházejíce zemi Judskou, shromáždili Levíty ze všech měst Judských, a přední z otcovských čeledí Izraelských, a přišli do Jeruzaléma.
Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt Israël yo, e yo te vini Jérusalem.
3 I učinilo všecko to shromáždění smlouvu v domě Božím s králem. Byl pak jim řekl Joiada: Aj, syn králův kralovati bude, jakož mluvil Hospodin o synech Davidových.
Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo.
4 Tatoť jest věc, kterouž učiníte: Třetí díl vás, kteříž přicházíte v sobotu z kněží a z Levítů, budou vrátnými.
Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay;
5 Třetí pak díl bude při domě královu, a třetí díl u brány přední, ale všecken lid bude v síních domu Hospodinova.
yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a.
6 Aniž kdo vcházej do domu Hospodinova kromě kněží a těch Levítů, kteříž konají služby. Ti ať vcházejí, nebo svatí jsou, všecken pak lid ať drží stráž Hospodinovu.
Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a.
7 I obstoupí Levítové krále vůkol, jeden každý maje braň svou v rukou svých, a kdož by koli všel do domu, ať umře. A buďte při králi, když bude vcházeti, i když bude vycházeti.
Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”
8 Tedy učinili Levítové a všecken Juda všecko, cožkoli přikázal Joiada kněz, a vzali jeden každý muže své, kteříž přicházeli v sobotu, a kteříž odcházeli v sobotu; nebo byl nepropustil Joiada kněz žádné střídy.
Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo.
9 I dal Joiada kněz setníkům kopí a pavézy i štíty, kteříž byli krále Davida, jenž byli v domě Božím.
Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a.
10 A postavil všecken lid, (a jeden každý měl braň v ruce své), od pravé strany domu až do levé strany domu, proti oltáři a proti domu, při králi všudy vůkol.
Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt.
11 A tak vyvedli syna králova, a vstavili na něj korunu královskou a ozdobu. I ustanovili jej králem, a pomazali ho Joiada a synové jeho, a říkali: Živ buď král!
Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
12 V tom uslyševši Atalia hřmot sbíhajícího se lidu, a chválícího krále, vešla k lidu do domu Hospodinova.
Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la.
13 A když pohleděla, a aj, král stál na místě vyšším, kudyž se vchází, a knížata i trubači podlé krále, a všecken lid země veselící se, a zvučící na trouby, a zpěváci s nástroji hudebnými, a ti, kteříž předčili v zpívání. Tedy roztrhla Atalia roucho své, a řekla: Spiknutí, spiknutí!
Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
14 Ale Joiada kněz rozkázal vyjíti setníkům, hejtmanům vojska, řka jim: Vyveďte ji prostředkem řadů, a kdož by za ní šel, ať jest zabit mečem. Nebo byl řekl kněz: Nezabijejte jí v domě Hospodinově.
Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.”
15 A když se jí rozstoupili s obou stran, šla, kudy se chodí k bráně koňské k domu královskému, a tu ji zabili.
Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.
16 Tedy Joiada učinil smlouvu mezi Hospodinem a mezi vším lidem, i mezi králem, aby byli lid Hospodinův.
Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a.
17 Potom šel všecken lid do domu Bálova a zbořili jej i oltáře jeho, a obrazy stroskotali. Matana pak kněze Bálova zabili před oltáři.
Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kase an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo.
18 I uvedl zase Joiada úředníky domu Hospodinova pod moc kněží a Levítů, kteréž byl rozdělil David v domě Hospodinově, aby obětovali zápaly Hospodinu, (jakož psáno jest v zákoně Mojžíšově), s veselím a zpíváním podlé nařízení Davidova.
Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la.
19 Postavil také vrátné u vrat domu Hospodinova, aby tam nevcházel poškvrněný jakoužkoli věcí.
Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp.
20 A pojav setníky a znamenitější, a ty, kteříž správu drželi nad lidem, i všecken lid země, provázel krále z domu Hospodinova. I šli branou hořejší do domu královského, a posadili krále na stolici královské.
Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la.
21 I veselil se všecken lid země, a město se upokojilo, jakž Atalii zabili mečem.
Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.

< 2 Kronická 23 >