< 1 Samuelova 17 >

1 I sebrali Filistinští vojska svá k boji, a shromáždili se u Socho, kteréž jest Judovo, a položili se mezi Socho a Azeka na pomezí Dammim.
Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim.
2 Ale Saul a muži Izraelští sebravše se, položili se v údolí Elah, a sšikovali se k bitvě proti Filistinským.
Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo.
3 I stáli Filistinští na hoře s strany jedné, a Izraelští stáli na hoře s strany druhé, a údolí bylo mezi nimi.
Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de.
4 I vyšel muž bojovník z vojska Filistinského, Goliáš jménem, z Gát, zvýší šesti loket a dlani.
Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous).
5 Lebka pak ocelivá na hlavě jeho, a v pancíř brněný byl oblečen, kterýžto pancíř vážil pět tisíc lotů oceli.
Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz.
6 Též plechovice ocelivé byly na nohách jeho, a pavéza ocelivá mezi rameny jeho.
Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li.
7 A dřevo u kopí jeho jako vratidlo tkadlcovské, železo pak ostré kopí jeho vážilo šest set lotů železa; a ten, kterýž nosil braň jeho, šel před ním.
Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. Potè pwotèj li a osi te mache devan li.
8 I postavil se, a volal na vojska Izraelská, řka k nim: Nač jste to vyšli, vojensky se sšikovavše? Zdaliž já nejsem Filistinský, a vy služebníci Saulovi? Vybeřte z sebe muže, kterýž by sstoupil ke mně.
Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen.
9 Jestližeť mi bude moci odolati a zabije mne, tedy budeme služebníci vaši; pakliť já přemohu jej a zabiji ho, budete vy služebníci naši, a sloužiti budete nám.
Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.”
10 Pravil také ten Filistinský: Já jsem dnes zhaněl vojska Izraelská. Vydejtež mi muže, abychom se bili spolu.
Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
11 A když uslyšel Saul i všecken Izrael slova Filistinského taková, ulekli se a báli se velmi.
Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.
12 David pak ten syn muže Efratejského z Betléma Judova, (jehož jméno Izai, kterýž měl osm synů, a již se byl sstaral za dnů Saule, přiblíživ se k lidem sešlým.
Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.
13 Tři také synové Izai starší šedše, táhli na vojnu s Saulem. Jména těch tří synů jeho, kteříž byli šli k boji: Eliáb prvorozený, a druhý po něm Abinadab, třetí pak Samma.
Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a.
14 Ale David byl nejmladší. A tak ti tři synové starší odešli s Saulem.)
David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül.
15 David tedy odšel od Saule a navrátil se, aby pásl stádo otce svého v Betlémě.
Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.
16 I přicházel ten Filistinský ráno a večer, a stavěl se po čtyřidceti dní.
Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li.
17 Tedy řekl Izai Davidovi synu svému: Vezmi i hned pro bratří své efi pražmy této a deset chlebů těchto, a běž do vojska k bratřím svým.
Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a.
18 A deset syřečků mladých těchto doneseš hejtmanu, a navštívě bratří své, pozdravíš jich, a základ jejich vyzdvihneš.
Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo.
19 Saul pak i oni, i všickni muži Izraelští byli v údolí Elah, bojujíce proti Filistinským.
Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.”
20 A tak vstav David tím raněji a zanechav stáda při strážném, vzal to a šel, jakž mu byl přikázal Izai. I přišel až k šancům, a aj, vojsko vycházelo do šiku a křičelo k bitvě.
Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a.
21 I sšikovali se Izraelští, ano i Filistinští, vojsko proti vojsku.
Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame.
22 Protož David zanechav břemene, kteréž s sebe složil u strážného při břemeních, běžel do vojska; a když přišel, tázal se bratří svých, jak se mají.
Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo.
23 A když on s nimi mluvil, aj, muž bojovník jménem Goliáš, Filistinský z Gát, vycházel z vojska Filistinských a mluvil jako i prvé; což slyšel i David.
Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande.
24 Všickni pak muži Izraelští, jakž uzřeli toho muže, utíkali před tváří jeho, a báli se náramně.
Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil.
25 I mluvili Izraelští mezi sebou: Viděli-li jste toho muže, kterýž vyšel? Nebo aby pohanění uvedl na Izraele, vyšel. Kdož by ho zabil, zbohatí ho král bohatstvím velikým, a dceru svou dá jemu, i dům otce jeho osvobodí v Izraeli.
Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”
26 I mluvil David mužům, kteříž stáli u něho, a řekl: Co bude dáno muži tomu, kterýž by zabil toho Filistinského a odjal pohanění od Izraele? Nebo kdo jest Filistinský neobřezaný ten, že pohanění uvodí na vojsko Boha živého?
Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”
27 Odpověděl jemu lid v táž slova, řka: To bude dáno muži, kterýž by ho zabil.
Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.”
28 A uslyšev Eliáb, bratr jeho nejstarší, že mluví s těmi muži, rozhněval se Eliáb velmi na Davida, a řekl: Proč jsi sem přišel? A komus nechal kolikasi těch ovec na poušti? Známť já pýchu tvou a zlost srdce tvého, žes přišel dívati se bitvě.
Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”
29 I řekl David: Což jsem pak učinil? Zdaž mi nebylo poručeno?
Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?”
30 Tedy šel od něho k jinému, jehož se tázal jako i prvé. I odpověděl jemu lid tak jako i prvé.
Epi li te vire kite li e te mande yon lòt menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an.
31 A tak roznesla se slova, kteráž mluvil David, a oznámili je Saulovi. Kterýžto povolal ho.
Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li.
32 I řekl David Saulovi: Nechť se neleká srdce člověka pro něho; služebník tvůj půjde a bude se bíti s Filistinským tímto.
David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
33 Ale Saul řekl Davidovi: Nebudeš moci jíti proti Filistinskému tomu, abys se potýkal s ním; nebo mládenček jsi, on pak jest muž bojovný od mladosti své.
Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”
34 Odpověděl David Saulovi: Služebník tvůj pastýřem byl stáda otce svého, a když přicházel lev aneb nedvěd, a bral dobytče z stáda,
Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an,
35 Já dostihal jsem ho a bil jsem jej, a vydíral jsem je z hrdla jeho. Pakli se na mne obořil, tedy ujma ho za čelist, bil jsem jej, až jsem ho i zabil.
mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li.
36 I lva i nedvěda zabil služebník tvůj; budeť tedy Filistinský neobřezanec ten jako který z nich, nebo zhaněl vojska Boha živého.
Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
37 Řekl také David: Hospodin, kterýž vytrhl mne z moci lva a z moci nedvěda, onť mne vytrhne z ruky Filistinského tohoto. Tedy řekl Saul Davidovi: Jdi, a Hospodin budiž s tebou.
Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
38 I dal Saul obléci Davida v šaty své, a vstavil lebku ocelivou na hlavu jeho, a oblékl ho v pancíř.
Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj.
39 Připásal také David meč jeho na ty šaty jeho, a chtěl jíti, ale že tomu nezvykl, protož řekl David Saulovi: Nemohuť v tom jíti, nebo jsem nepřivykl. I složil to David s sebe.
David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.
40 A vzav hůl svou do ruky své, vybral sobě pět kamenů hladkých z potoku, a vložil je do mošničky pastýřské, kterouž měl, totiž do pytlíku, a prak svůj v ruce nesl, a přiblížil se k Filistinskému.
Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a.
41 Bral se také i Filistinský, jda a přibližuje se k Davidovi, a muž ten, kterýž nesl braň jeho, šel před ním.
Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l.
42 A když pohleděl Filistinský a uzřel Davida, pohrdal jím, proto že byl mládenček, a ryšavý, a krásného vzezření.
Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans.
43 I řekl Filistinský Davidovi: Což jsem pes, že jdeš proti mně s holí? A zlořečil Filistinský Davidovi skrze bohy své.
Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.
44 Řekl také Filistinský Davidovi: Poď ke mně, a dámť tělo tvé ptákům nebeským a šelmám zemským.
Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
45 Odpověděl David Filistinskému: Ty jdeš ke mně s mečem a s kopím a s pavézou, ale já k tobě jdu ve jménu Hospodina zástupů, Boha vojsk Izraelských, kterémuž jsi ty utrhal.
Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.
46 Dnešního dne zavře tě Hospodin v ruku mou, a zabiji tě, a setnu hlavu tvou s tebe, a vydám těla vojska Filistinského dnes ptákům nebeským a šelmám zemským, a pozná všecka země, žeť jest Bůh v Izraeli.
Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël,
47 A zvíť všecko shromáždění toto, že ne mečem ani kopím vysvobozuje Hospodin; (nebo Hospodinův jest boj, ) protož vydáť vás v ruce naše.
epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
48 Stalo se pak, že když vstal ten Filistinský, a šel, přibližuje se proti Davidovi, pospíšil i David a běžel proti Filistinskému, aby se s ním potýkal.
Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an.
49 V tom David vztáh ruku svou k mošničce, vyňal z ní kámen, kterýmž hodil z praku, a udeřil Filistinského v čelo jeho tak, že kámen uvázl v čele jeho. I padl tváří svou na zem.
David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè.
50 A tak přemohl David Filistinského prakem a kamenem, a udeřiv Filistinského, zabil jej, ačkoli David žádného meče v ruce neměl.
Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David.
51 A přiběh David, stál nad Filistinským. Potom pochytiv meč jeho, dobyl ho z pošvy a zabil jej, a sťal jím hlavu jeho. To vidouce Filistinští, že umřel nejsilnější jejich, utíkali.
Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l. Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale.
52 A protož vstavše muži Izraelští a Judští, zkřikli a honili Filistinské, až kde se vchází do údolí, a až k branám Akaron. I padali, raněni jsouce, Filistinští po cestě k Saraim, až do Gát a až do Akaron.
Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.
53 A navrátivše se synové Izraelští od honění Filistinských, vzebrali tábor jejich.
Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo.
54 Potom David vzav hlavu toho Filistinského, přinesl ji do Jeruzaléma, a odění jeho složil v stanu svém.
Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan.
55 Tehdáž pak, když viděl Saul Davida jdoucího proti tomu Filistinskému, řekl Abnerovi hejtmanu vojska: Abner, čí jest syn ten mládenček? Odpověděl Abner: Jako jest živa duše tvá, králi, že nevím.
Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
56 Ale král řekl: Zeptej ty se, čí jest syn mládenec ten.
Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.”
57 Když se pak vracoval David od zabití Filistinského toho, pojav ho Abner, přivedl jej před Saule, an drží hlavu Filistinského v ruce své.
Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li.
58 I řekl jemu Saul: Čí jsi syn, mládenče? Odpověděl David: Syn služebníka tvého Izai Betlémského.
Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?” Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”

< 1 Samuelova 17 >