< 路加福音 21 >

1 耶穌抬頭觀看,見財主把捐項投在庫裏,
Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.
2 又見一個窮寡婦投了兩個小錢,
Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv.
3 就說:「我實在告訴你們,這窮寡婦所投的比眾人還多;
Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout;
4 因為眾人都是自己有餘,拿出來投在捐項裏,但這寡婦是自己不足,把她一切養生的都投上了。」
paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
5 有人談論聖殿是用美石和供物妝飾的;
Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di:
6 耶穌就說:「論到你們所看見的這一切,將來日子到了,在這裏沒有一塊石頭留在石頭上,不被拆毀了。」
Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
7 他們問他說:「夫子!甚麼時候有這事呢?這事將到的時候有甚麼預兆呢?」
Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
8 耶穌說:「你們要謹慎,不要受迷惑;因為將來有好些人冒我的名來,說:『我是基督』,又說:『時候近了』,你們不要跟從他們!
Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.
9 你們聽見打仗和擾亂的事,不要驚惶;因為這些事必須先有,只是末期不能立時就到。」
Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
10 當時,耶穌對他們說:「民要攻打民,國要攻打國;
Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.
11 地要大大震動,多處必有饑荒、瘟疫,又有可怕的異象和大神蹟從天上顯現。
Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.
12 但這一切的事以先,人要下手拿住你們,逼迫你們,把你們交給會堂,並且收在監裏,又為我的名拉你們到君王諸侯面前。
Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.
13 但這些事終必為你們的見證。
Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou.
14 所以,你們當立定心意,不要預先思想怎樣分訴;
Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou.
15 因為我必賜你們口才、智慧,是你們一切敵人所敵不住、駁不倒的。
Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
16 連你們的父母、弟兄、親族、朋友也要把你們交官;你們也有被他們害死的。
Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.
17 你們要為我的名被眾人恨惡,
Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.
18 然而,你們連一根頭髮也必不損壞。
Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
19 你們常存忍耐,就必保全靈魂。」
Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
20 「你們看見耶路撒冷被兵圍困,就可知道它成荒場的日子近了。
Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.
21 那時,在猶太的應當逃到山上;在城裏的應當出來;在鄉下的不要進城;
Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.
22 因為這是報應的日子,使經上所寫的都得應驗。
Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.
23 當那些日子,懷孕的和奶孩子的有禍了!因為將有大災難降在這地方,也有震怒臨到這百姓。
Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.
24 他們要倒在刀下,又被擄到各國去。耶路撒冷要被外邦人踐踏,直到外邦人的日期滿了。」
Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
25 「日、月、星辰要顯出異兆,地上的邦國也有困苦;因海中波浪的響聲,就慌慌不定。
Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
26 天勢都要震動,人想起那將要臨到世界的事,就都嚇得魂不附體。
Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.
27 那時,他們要看見人子有能力,有大榮耀駕雲降臨。
Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.
28 一有這些事,你們就當挺身昂首,因為你們得贖的日子近了。」
Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.
29 耶穌又設比喻對他們說:「你們看無花果樹和各樣的樹;它發芽的時候,你們一看見,自然曉得夏天近了。
Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo.
Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a.
31 這樣,你們看見這些事漸漸地成就,也該曉得上帝的國近了。
Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.
32 我實在告訴你們,這世代還沒有過去,這些事都要成就。
Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive.
33 天地要廢去,我的話卻不能廢去。」
Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
34 「你們要謹慎,恐怕因貪食、醉酒,並今生的思慮累住你們的心,那日子就如同網羅忽然臨到你們;
Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
35 因為那日子要這樣臨到全地上一切居住的人。
Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.
36 你們要時時警醒,常常祈求,使你們能逃避這一切要來的事,得以站立在人子面前。」
Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
37 耶穌每日在殿裏教訓人,每夜出城在一座山,名叫橄欖山住宿。
Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.
38 眾百姓清早上聖殿,到耶穌那裏,要聽他講道。
Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.

< 路加福音 21 >