< 列王紀上 6 >

1 以色列人出埃及地後四百八十年,所羅門作以色列王第四年西弗月,就是二月,開工建造耶和華的殿。
Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.
2 所羅門王為耶和華所建的殿,長六十肘,寬二十肘,高三十肘。
Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude.
3 殿前的廊子長二十肘,與殿的寬窄一樣,闊十肘;
Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.
4 又為殿做了嚴緊的窗櫺。
Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo.
5 靠着殿牆,圍着外殿內殿,造了三層旁屋;
Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou.
6 下層寬五肘,中層寬六肘,上層寬七肘。殿外旁屋的樑木擱在殿牆坎上,免得插入殿牆。
Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la.
7 建殿是用山中鑿成的石頭。建殿的時候,鎚子、斧子,和別樣鐵器的響聲都沒有聽見。
Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati.
8 在殿右邊當中的旁屋有門,門內有旋螺的樓梯,可以上到第二層,從第二層可以上到第三層。
Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan.
9 所羅門建殿,安置香柏木的棟樑,又用香柏木板遮蓋。
Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd.
10 靠着殿所造的旁屋,每層高五肘,香柏木的棟樑擱在殿牆坎上。
Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.
11 耶和華的話臨到所羅門說:
Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di:
12 「論到你所建的這殿,你若遵行我的律例,謹守我的典章,遵從我的一切誡命,我必向你應驗我所應許你父親大衛的話。
“Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou.
13 我必住在以色列人中間,並不丟棄我民以色列。」
Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”
14 所羅門建造殿宇。
Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.
15 殿裏面用香柏木板貼牆,從地到棚頂都用木板遮蔽,又用松木板鋪地。
Li te bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen.
16 內殿,就是至聖所,長二十肘,從地到棚頂用香柏木板遮蔽。
Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.
17 內殿前的外殿,長四十肘。
Pa devan sanktyè tanp la te karant koude nan longè.
18 殿裏一點石頭都不顯露,一概用香柏木遮蔽;上面刻着野瓜和初開的花。
Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib.
19 殿裏預備了內殿,好安放耶和華的約櫃。
Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a.
20 內殿長二十肘,寬二十肘,高二十肘,牆面都貼上精金;又用香柏木做壇,包上精金。
Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd.
21 所羅門用精金貼了殿內的牆,又用金鍊子掛在內殿前門扇,用金包裹。
Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò.
22 全殿都貼上金子,直到貼完;內殿前的壇,也都用金包裹。
Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.
23 他用橄欖木做兩個基路伯,各高十肘,安在內殿。
Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè.
24 這一個基路伯有兩個翅膀,各長五肘,從這翅膀尖到那翅膀尖共有十肘;
Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude.
25 那一個基路伯的兩個翅膀也是十肘,兩個基路伯的尺寸、形像都是一樣。
Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm.
26 這基路伯高十肘,那基路伯也是如此。
Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an.
27 他將兩個基路伯安在內殿裏;基路伯的翅膀是張開的,這基路伯的一個翅膀挨着這邊的牆,那基路伯的一個翅膀挨着那邊的牆,裏邊的兩個翅膀在殿中間彼此相接;
Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la.
28 又用金子包裹二基路伯。
Li te kouvri cheriben yo avèk lò.
29 內殿、外殿周圍的牆上都刻着基路伯、棕樹,和初開的花。
Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo.
30 內殿、外殿的地板都貼上金子。
Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a.
31 又用橄欖木製造內殿的門扇、門楣、門框;門口有牆的五分之一。
Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas.
32 在橄欖木做的兩門扇上刻着基路伯、棕樹,和初開的花,都貼上金子。
Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo.
33 又用橄欖木製造外殿的門框,門口有牆的四分之一。
Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a,
34 用松木做門兩扇。這扇分兩扇,是摺疊的;那扇分兩扇,也是摺疊的。
epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo.
35 上面刻着基路伯、棕樹,和初開的花,都用金子貼了。
Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou.
36 他又用鑿成的石頭三層、香柏木一層建築內院。
Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.
37 所羅門 在位第四年西弗月,立了耶和華殿的根基。
Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze.
38 到十一年布勒月,就是八月,殿和一切屬殿的都按着樣式造成。他建殿的工夫共有七年。
Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.

< 列王紀上 6 >