< 撒迦利亚书 7 >

1 大流士王第四年九月,就是基斯流月初四日,耶和华的话临到撒迦利亚。
Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.
2 那时伯特利人已经打发沙利色和利坚米勒,并跟从他们的人,去恳求耶和华的恩,
Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a,
3 并问万军之耶和华殿中的祭司和先知说:“我历年以来,在五月间哭泣斋戒,现在还当这样行吗?”
pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
4 万军之耶和华的话就临到我说:
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
5 “你要宣告国内的众民和祭司,说:‘你们这七十年,在五月、七月禁食悲哀,岂是丝毫向我禁食吗?
“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?
6 你们吃喝,不是为自己吃,为自己喝吗?
Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
7 当耶路撒冷和四围的城邑有居民,正兴盛,南地高原有人居住的时候,耶和华借从前的先知所宣告的话,你们不当听吗?’”
Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
8 耶和华的话又临到撒迦利亚说:
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di:
9 “万军之耶和华曾对你们的列祖如此说:‘要按至理判断,各人以慈爱怜悯弟兄。
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
10 不可欺压寡妇、孤儿、寄居的,和贫穷人。谁都不可心里谋害弟兄。’”
Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
11 他们却不肯听从,扭转肩头,塞耳不听,
Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
12 使心硬如金钢石,不听律法和万军之耶和华用灵借从前的先知所说的话。故此,万军之耶和华大发烈怒。
Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
13 万军之耶和华说:“我曾呼唤他们,他们不听;将来他们呼求我,我也不听!
Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.
14 我必以旋风吹散他们到素不认识的万国中。这样,他们的地就荒凉,甚至无人来往经过,因为他们使美好之地荒凉了。”
Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”

< 撒迦利亚书 7 >