< 诗篇 7 >

1 大卫指着便雅悯人古实的话,向耶和华唱的流离歌。 耶和华—我的 神啊,我投靠你! 求你救我脱离一切追赶我的人,将我救拔出来!
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush. O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache. Sove mwen de tout (sila) k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
2 恐怕他们像狮子撕裂我, 甚至撕碎,无人搭救。
sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
3 耶和华—我的 神啊,我若行了这事, 若有罪孽在我手里,
O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,
4 我若以恶报那与我交好的人— 连那无故与我为敌的,我也救了他,
si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje (sila) ki te lènmi mwen a san koz la,
5 就任凭仇敌追赶我,直到追上, 将我的性命踏在地下, 使我的荣耀归于灰尘。 (细拉)
kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen jiskaske li pran l, epi kite li foule lavi mwen jis atè. Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan
6 耶和华啊,求你在怒中起来, 挺身而立,抵挡我敌人的暴怒! 求你为我兴起!你已经命定施行审判!
Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.
7 愿众民的会环绕你! 愿你从其上归于高位!
Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou. Gouvènen yo, depi an wo.
8 耶和华向众民施行审判; 耶和华啊,求你按我的公义和我心中的纯正判断我。
Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9 愿恶人的恶断绝! 愿你坚立义人! 因为公义的 神察验人的心肠肺腑。
Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli (sila) ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.
10 神是我的盾牌; 他拯救心里正直的人。
Boukliye mwen se avèk Bondye, ki sove (sila) ki dwat yo.
11 神是公义的审判者, 又是天天向恶人发怒的 神。
Bondye se yon jij ki jis e ki rayi enjistis chak jou.
12 若有人不回头,他的刀必磨快, 弓必上弦,预备妥当了。
Si yon nonm pa repanti, La p file nepe Li. Li deja koube banza Li; Li prèt.
13 他也预备了杀人的器械; 他所射的是火箭。
Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14 试看恶人因奸恶而劬劳, 所怀的是毒害,所生的是虚假。
Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
15 他掘了坑,又挖深了, 竟掉在自己所挖的阱里。
Li te fouye yon twou, kreve l nèt, e vin tonbe nan twou ke li te fè a.
16 他的毒害必临到他自己的头上; 他的强暴必落到他自己的脑袋上。
Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17 我要照着耶和华的公义称谢他, 歌颂耶和华至高者的名。
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a, Toupwisan an.

< 诗篇 7 >