< 诗篇 143 >

1 大卫的诗。 耶和华啊,求你听我的祷告, 留心听我的恳求, 凭你的信实和公义应允我。
Yon Sòm David Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
2 求你不要审问仆人; 因为在你面前,凡活着的人没有一个是义的。
Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
3 原来仇敌逼迫我, 将我打倒在地, 使我住在幽暗之处, 像死了许久的人一样。
Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou (sila) ki mouri lontan yo.
4 所以,我的灵在我里面发昏; 我的心在我里面凄惨。
Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.
5 我追想古时之日, 思想你的一切作为, 默念你手的工作。
Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.
6 我向你举手; 我的心渴想你, 如干旱之地盼雨一样。 (细拉)
Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.
7 耶和华啊,求你速速应允我! 我心神耗尽! 不要向我掩面, 免得我像那些下坑的人一样。
Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon (sila) ki desann nan fòs yo.
8 求你使我清晨得听你慈爱之言, 因我倚靠你; 求你使我知道当行的路, 因我的心仰望你。
Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
9 耶和华啊,求你救我脱离我的仇敌! 我往你那里藏身。
Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.
10 求你指教我遵行你的旨意, 因你是我的 神。 你的灵本为善; 求你引我到平坦之地。
Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
11 耶和华啊,求你为你的名将我救活, 凭你的公义,将我从患难中领出来,
Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen. Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
12 凭你的慈爱剪除我的仇敌, 灭绝一切苦待我的人, 因我是你的仆人。
Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout (sila) ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.

< 诗篇 143 >