< 诗篇 124 >

1 大卫上行之诗。 以色列人要说: 若不是耶和华帮助我们,
Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2 若不是耶和华帮助我们, 当人起来攻击我们、
Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,
3 向我们发怒的时候, 就把我们活活地吞了。
yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.
4 那时,波涛必漫过我们, 河水必淹没我们,
Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.
5 狂傲的水必淹没我们。
Wi, lavalas ta pote nou ale.
6 耶和华是应当称颂的! 他没有把我们当野食交给他们吞吃。
Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.
7 我们好像雀鸟,从捕鸟人的网罗里逃脱; 网罗破裂,我们逃脱了。
Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
8 我们得帮助, 是在乎倚靠造天地之耶和华的名。
Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

< 诗篇 124 >