< 诗篇 105 >

1 你们要称谢耶和华,求告他的名, 在万民中传扬他的作为!
O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
2 要向他唱诗歌颂, 谈论他一切奇妙的作为!
Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.
3 要以他的圣名夸耀! 寻求耶和华的人,心中应当欢喜!
Bay non Li glwa! Kite kè a (sila) ki chache SENYÈ yo vin kontan.
4 要寻求耶和华与他的能力, 时常寻求他的面。
Chache SENYÈ a ak fòs Li. Chache fas Li san rete.
5 他仆人亚伯拉罕的后裔, 他所拣选雅各的子孙哪, 你们要记念他奇妙的作为和他的奇事, 并他口中的判语。
Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.
6
O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, (sila) ke Li te chwazi yo!
7 他是耶和华—我们的 神; 全地都有他的判断。
Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman Li yo nan tout latè.
8 他记念他的约,直到永远; 他所吩咐的话,直到千代—
Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.
9 就是与亚伯拉罕所立的约, 向以撒所起的誓。
Akò ke Li te fè avèk Abraham nan, ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
10 他又将这约向雅各定为律例, 向以色列定为永远的约,
Li te konfime li a Jacob kon yon règleman, a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
11 说:我必将迦南地赐给你, 作你产业的分。
Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan kon pòsyon eritaj ou,”
12 当时,他们人丁有限,数目稀少, 并且在那地为寄居的。
Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye, pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l.
13 他们从这邦游到那邦, 从这国行到那国。
Yo t ap mache toupatou soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt, soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.
14 他不容什么人欺负他们, 为他们的缘故责备君王,
Li pa t kite pèsòn peze yo. Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:
15 说:不可难为我受膏的人, 也不可恶待我的先知。
“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”
16 他命饥荒降在那地上, 将所倚靠的粮食全行断绝,
Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.
17 在他们以先打发一个人去 —约瑟被卖为奴仆。
Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.
18 人用脚镣伤他的脚; 他被铁链捆拘。
Yo te aflije pye li ak chenn. Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,
19 耶和华的话试炼他, 直等到他所说的应验了。
jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.
20 王打发人把他解开, 就是治理众民的,把他释放,
Wa a te voye lage li. Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.
21 立他作王家之主, 掌管他一切所有的,
Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,
22 使他随意捆绑他的臣宰, 将智慧教导他的长老。
pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
23 以色列也到了埃及; 雅各在含地寄居。
Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.
24 耶和华使他的百姓生养众多, 使他们比敌人强盛,
SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil. Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo.
25 使敌人的心转去恨他的百姓, 并用诡计待他的仆人。
Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
26 他打发他的仆人摩西 和他所拣选的亚伦,
Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.
27 在敌人中间显他的神迹, 在含地显他的奇事。
Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo, avèk mirak nan peyi Cham yo.
28 他命黑暗,就有黑暗; 没有违背他话的。
Li te voye tenèb e te fè l fènwa. Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.
29 他叫埃及的水变为血, 叫他们的鱼死了。
Li te fè dlo yo devni san e te fè pwason yo mouri.
30 在他们的地上以及王宫的内室, 青蛙多多滋生。
Peyi yo te ranvaye avèk krapo, menm jis rive nan chanm a wa yo.
31 他说一声,苍蝇就成群而来, 并有虱子进入他们四境。
Li te pale e te vin rive yon epidemi mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.
32 他给他们降下冰雹为雨, 在他们的地上降下火焰。
Li te bay yo lagrèl pou lapli, avèk dife brile nan peyi yo.
33 他也击打他们的葡萄树和无花果树, 毁坏他们境内的树木。
Li te frape fè desann tout chan fwi yo e te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.
34 他说一声,就有蝗虫蚂蚱上来, 不计其数,
Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl.
35 吃尽了他们地上各样的菜蔬 和田地的出产。
Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo, e te manje fwi a teren yo.
36 他又击杀他们国内一切的长子, 就是他们强壮时头生的。
Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo.
37 他领自己的百姓带银子金子出来; 他支派中没有一个软弱的。
Li te fè yo sòti ak ajan ak lò. Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.
38 他们出来的时候,埃及人便欢喜; 原来埃及人惧怕他们。
Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.
39 他铺张云彩当遮盖, 夜间使火光照。
Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la.
40 他们一求,他就使鹌鹑飞来, 并用天上的粮食叫他们饱足。
Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.
41 他打开磐石,水就涌出; 在干旱之处,水流成河。
Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.
42 这都因他记念他的圣言 和他的仆人亚伯拉罕。
Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
43 他带领百姓欢乐而出, 带领选民欢呼前往。
Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, (sila) ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.
44 他将列国的地赐给他们, 他们便承受众民劳碌得来的,
Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo, Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,
45 好使他们遵他的律例, 守他的律法。 你们要赞美耶和华!
pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo. Louwe SENYÈ a!

< 诗篇 105 >