< 箴言 27 >

1 不要为明日自夸, 因为一日要生何事,你尚且不能知道。
Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
2 要别人夸奖你,不可用口自夸; 等外人称赞你,不可用嘴自称。
Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.
3 石头重,沙土沉, 愚妄人的恼怒比这两样更重。
Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.
4 忿怒为残忍,怒气为狂澜, 惟有嫉妒,谁能敌得住呢?
Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
5 当面的责备强如背地的爱情。
Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6 朋友加的伤痕出于忠诚; 仇敌连连亲嘴却是多余。
Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi.
7 人吃饱了,厌恶蜂房的蜜; 人饥饿了,一切苦物都觉甘甜。
Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.
8 人离本处飘流, 好像雀鸟离窝游飞。
Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
9 膏油与香料使人心喜悦; 朋友诚实的劝教也是如此甘美。
Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10 你的朋友和父亲的朋友, 你都不可离弃。 你遭难的日子,不要上弟兄的家去; 相近的邻舍强如远方的弟兄。
Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
11 我儿,你要作智慧人,好叫我的心欢喜, 使我可以回答那讥诮我的人。
Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
12 通达人见祸藏躲; 愚蒙人前往受害。
Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
13 谁为生人作保,就拿谁的衣服; 谁为外女作保,谁就承当。
Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
14 清晨起来,大声给朋友祝福的, 就算是咒诅他。
Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li.
15 大雨之日连连滴漏, 和争吵的妇人一样;
Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
16 想拦阻她的,便是拦阻风, 也是右手抓油。
Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, oswa sezi lwil ak men dwat li.
17 铁磨铁,磨出刃来; 朋友相感也是如此。
Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l.
18 看守无花果树的,必吃树上的果子; 敬奉主人的,必得尊荣。
Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
19 水中照脸,彼此相符; 人与人,心也相对。
Tankou nan dlo, figi reflete figi, konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
20 阴间和灭亡永不满足; 人的眼目也是如此。 (Sheol h7585)
Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè. (Sheol h7585)
21 鼎为炼银,炉为炼金, 人的称赞也试炼人。
Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.
22 你虽用杵将愚妄人与打碎的麦子一同捣在臼中, 他的愚妄还是离不了他。
Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
23 你要详细知道你羊群的景况, 留心料理你的牛群;
Konnen byen kondisyon a bann ou yo, e okipe twoupo ou yo;
24 因为资财不能永有, 冠冕岂能存到万代?
paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
25 干草割去,嫩草发现, 山上的菜蔬也被收敛。
Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase.
26 羊羔之毛是为你作衣服; 山羊是为作田地的价值,
Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
27 并有母山羊奶够你吃, 也够你的家眷吃, 且够养你的婢女。
Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

< 箴言 27 >