< 约伯记 33 >
Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.
M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.
3 我的言语要发明心中所存的正直; 我所知道的,我嘴唇要诚实地说出。
M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.
Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.
Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.
Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.
Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!
Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:
9 我是清洁无过的,我是无辜的; 在我里面也没有罪孽。
Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.
Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.
Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.
12 我要回答你说:你这话无理, 因 神比世人更大。
La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?
Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.
15 人躺在床上沉睡的时候, 神就用梦和夜间的异象,
Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
16 开通他们的耳朵, 将当受的教训印在他们心上,
Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.
Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.
Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.
21 他的肉消瘦,不得再见; 先前不见的骨头都凸出来。
Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.
Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.
23 一千天使中, 若有一个作传话的与 神同在, 指示人所当行的事,
Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.
24 神就给他开恩, 说:救赎他免得下坑; 我已经得了赎价。
Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.
Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.
26 他祷告 神, 神就喜悦他, 使他欢呼朝见 神的面; 神又看他为义。
Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.
27 他在人前歌唱说: 我犯了罪,颠倒是非, 这竟与我无益。
L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
28 神救赎我的灵魂免入深坑; 我的生命也必见光。
Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,
30 为要从深坑救回人的灵魂, 使他被光照耀,与活人一样。
pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
31 约伯啊,你当侧耳听我的话, 不要作声,等我讲说。
Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!
32 你若有话说,就可以回答我; 你只管说,因我愿以你为是。
Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.
33 若不然,你就听我说; 你不要作声,我便将智慧教训你。
Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.