< Псалтирь 34 >

1 Псалом Давиду, внегда измени лице свое пред Авимелехом: и отпусти его, и отиде. Благословлю Господа на всякое время, выну хвала Его во устех моих.
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati. Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2 О Господе похвалится душа моя: да услышат кротцыи и возвеселятся.
Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a. Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3 Возвеличите Господа со мною, и вознесем имя Его вкупе.
O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.
4 Взысках Господа, и услыша мя и от всех скорбей моих избави мя.
Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Приступите к Нему и просветитеся, и лица ваша не постыдятся.
Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. Figi yo p ap janm wont.
6 Сей нищий воззва, и Господь услыша и, и от всех скорбей его спасе и.
Malere (sila) a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 Ополчится Ангел Господень окрест боящихся Его и избавит их.
Zanj SENYÈ a fè kan antoure (sila) ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.
8 Вкусите и видите, яко благ Господь: блажен муж, иже уповает Нань.
O goute e wè ke Bondye bon. A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Бойтеся Господа, вси святии Его, яко несть лишения боящымся Его.
Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo. Pou (sila) ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Богатии обнищаша и взалкаша: взыскающии же Господа не лишатся всякаго блага.
Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men (sila) ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
11 Приидите, чада, послушайте мене, страху Господню научу вас.
Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Кто есть человек хотяй живот, любяй дни видети благи?
Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Удержи язык твой от зла и устне твои, еже не глаголати льсти.
Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.
14 Уклонися от зла и сотвори благо: взыщи мира и пожени и.
Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 Очи Господни на праведныя, и уши Его в молитву их.
Zye a SENYÈ a sou (sila) ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
16 Лице же Господне на творящыя злая, еже потребити от земли память их.
Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.
17 Воззваша праведнии, и Господь услыша их и от всех скорбей их избави их.
Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 Близ Господь сокрушенных сердцем, и смиренныя духом спасет.
SENYÈ a pre (sila) ak kè kase yo, epi sove (sila) ki kraze nan lespri yo.
19 Многи скорби праведным, и от всех их избавит я Господь.
Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Хранит Господь вся кости их, ни едина от них сокрушится.
Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.
21 Смерть грешников люта, и ненавидящии праведнаго прегрешат.
Se mechanste ki va touye mechan an. (Sila) ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 Избавит Господь душы раб Своих, и не прегрешат вси уповающии на Него.
SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan (sila) ki kache nan Li yo k ap kondane.

< Псалтирь 34 >