< Псалтирь 11 >

1 Начальнику хора. На Господа уповаю; как же вы говорите душе моей: “улетай на гору вашу, как птица”?
Pou direktè koral la; yon sòm David Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
2 Ибо вот, нечестивые натянули лук, стрелу свою приложили к тетиве, чтобы во тьме стрелять в правых сердцем.
Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou (sila) ak kè ki dwat yo.
3 Когда разрушены основания, что сделает праведник?
Si fondasyon yo vin detwi, se kisa moun dwat yo kab fè?”
4 Господь во святом храме Своем, Господь, - престол Его на небесах, очи Его зрят; вежды Его испытывают сынов человеческих.
SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
5 Господь испытывает праведного, а нечестивого и любящего насилие ненавидит душа Его.
SENYÈ a sonde (sila) ki jis yo avèk (sila) ki mechan yo; men (sila) ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
6 Дождем прольет Он на нечестивых горящие угли, огонь и серу; и палящий ветер - их доля из чаши;
Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
7 ибо Господь праведен, любит правду; лице Его видит праведника.
Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. (Sila) ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

< Псалтирь 11 >