< غزل غزلها 5 >

ای خواهر و عروس من، به باغ خود آمدم. مر خود را با عطرهایم چیدم. شانه عسل خود را با عسل خویش خوردم. شراب خود را باشیر خویش نوشیدم. ای دوستان بخورید و‌ای یاران بنوشید و به سیری بیاشامید. ۱ 1
Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Lòt Yo Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
من در خواب هستم اما دلم بیدار است. آوازمحبوب من است که در را می‌کوبد (و می‌گوید): «از برای من باز کن‌ای خواهر من! ای محبوبه من وکبوترم و‌ای کامله من! زیرا که سر من از شبنم و زلفهایم از ترشحات شب پر است.» ۲ 2
Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.
رخت خودرا کندم چگونه آن را بپوشم؟ پایهای خود راشستم چگونه آنها را چرکین نمایم؟ ۳ 3
Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
محبوب من دست خویش را از سوراخ در داخل ساخت واحشایم برای وی به جنبش آمد. ۴ 4
Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la. Tout santiman kè m te leve pou li.
من برخاستم تادر را به جهت محبوب خود باز کنم، و از دستم مرو از انگشتهایم مر صافی بر دسته قفل بچکید. ۵ 5
Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an. Men m te degoute menm ak lami, e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.
به جهت محبوب خود باز کردم اما محبوبم روگردانیده، رفته بود. چون او سخن می‌گفت جان از من بدر شده بود. او را جستجو کردم و نیافتم اورا خواندم و جوابم نداد. ۶ 6
Mwen te ouvri a cheri mwen an, men cheri mwen an te vire kite pou l ale! Kè m te sòti lè l te pale a. Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li. Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.
کشیکچیانی که در شهرگردش می‌کنند مرا یافتند، بزدند و مجروح ساختند. دیده بانهای حصارها برقع مرا از من گرفتند. ۷ 7
Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen. Yo te bat mwen. Yo te blese mwen. Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.
‌ای دختران اورشلیم، شما را قسم می‌دهم که اگر محبوب مرا بیابید وی را گویید که من مریض عشق هستم. ۸ 8
“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”
‌ای زیباترین زنان، محبوب تو از سایرمحبوبان چه برتری دارد و محبوب تو را بر سایرمحبوبان چه فضیلت است که ما را چنین قسم می‌دهی؟ ۹ 9
“Ki jan cheri ki cheri ou a, sinon pi bèl pami fanm yo? Ki jan cheri ki cheri ou a, pi bon pase lòt, ke ou ta nomen non l devan nou konsa?”
محبوب من سفید و سرخ‌فام است، و برهزارها افراشته شده است. ۱۰ 10
Cheri mwen an mèvèye, yon figi wouj ranpli ak sante, k ap parèt miyò pami di-mil.
سر او طلای خالص است و زلفهایش به هم پیچیده و مانندغراب سیاه فام است. ۱۱ 11
Tèt li tankou lò, lò san tach; très cheve li tankou grap rezen e nwa tankou kòbo.
چشمانش کبوتران نزدنهرهای آب است، با شیر شسته شده و درچشمخانه خود نشسته. ۱۲ 12
Zye li tankou toutrèl akote dlo k ap koule, ki benyen nan lèt, ki monte kon bijou akote yon basen dlo.
رخسارهایش مثل باغچه بلسان و پشته های ریاحین می‌باشد. لبهایش سوسنها است که از آنها مر صافی می چکد. ۱۳ 13
De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik, kap poze sou yon kouch zèb santi bon. Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.
دستهایش حلقه های طلاست که به زبرجد منقش باشد و بر او عاج شفاف است که به یاقوت زرد مرصع بود. ۱۴ 14
Men li se wondèl fèt an lò, anbeli ak bijou beril. Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
ساقهایش ستونهای مرمر بر پایه های زر ناب موسس شده، سیمایش مثل لبنان و مانند سروهای آزاد برگزیده است. ۱۵ 15
Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.
دهان او بسیار شیرین و تمام او مرغوبترین است. این است محبوب من و این است یار من‌ای دختران اورشلیم. ۱۶ 16
Bouch li plen ak dousè. Li dezirab nèt. Sa se cheri mwen an, e sa se zanmi mwen an, o fi Jérusalem yo.

< غزل غزلها 5 >