< مزامیر 63 >

مزمور داود هنگامی که در صحرای یهودا بود ای خدا، تو خدای من هستی. در سحرتو را خواهم طلبید. جان من تشنه تواست و جسدم مشتاق تو در زمین خشک تشنه بی‌آب. ۱ 1
Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
چنانکه در قدس بر تو نظر کردم تا قوت و جلال تو را مشاهده کنم. ۲ 2
Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
چونکه رحمت تو ازحیات نیکوتر است. پس لبهای من ترا تسبیح خواهد خواند. ۳ 3
renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
از این‌رو تا زنده هستم تو رامتبارک خواهم خواند. و دستهای خود را به نام توخواهم برافراشت. ۴ 4
Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
جان من سیر خواهد شدچنانکه از مغز و پیه. و زبان من به لبهای شادمانی تو را حمد خواهد گفت، ۵ 5
M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
چون تو را بر بسترخود یاد می‌آورم و در پاسهای شب در تو تفکرمی کنم. ۶ 6
Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
زیرا تو مددکار من بوده‌ای و زیر سایه بالهای تو شادی خواهم کرد. ۷ 7
Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
جان من به توچسبیده است و دست راست تو مرا تایید کرده است. ۸ 8
Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
و اما آنانی که قصد جان من دارند هلاک خواهند شد و در اسفل زمین فرو خواهند رفت. ۹ 9
Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
ایشان به دم شمشیر سپرده می‌شوند و نصیب شغالها خواهند شد. ۱۰ 10
Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
اما پادشاه در خدا شادی خواهد کرد و هر‌که بدو قسم خورد فخر خواهدنمود. زیرا دهان دروغ‌گویان بسته خواهد گردید. ۱۱ 11
Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

< مزامیر 63 >