< مزامیر 59 >

برای سالار مغنیان بر لاتهلک. مکتوم داود وقتی که شاول فرستاد که خانه را کشیک بکشند تا او را بکشند ای خدایم مرا از دشمنانم برهان! مرا ازمقاومت کنندگانم برافراز! ۱ 1
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen!
مرا ازگناهکاران خلاصی ده! و از مردمان خون ریزرهایی بخش! ۲ 2
Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!
زیرا اینک برای جانم کمین می‌سازند و زورآوران به ضد من جمع شده‌اند، بدون تقصیر من‌ای خداوند و بدون گناه من. ۳ 3
Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
بی قصور من می‌شتابند و خود را آماده می‌کنند. پس برای ملاقات من بیدار شو و ببین. ۴ 4
Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!
اما تو‌ای یهوه، خدای صبایوت، خدای اسرائیل! بیدارشده، همه امت‌ها را مکافات برسان و بر غداران بدکار شفقت مفرما، سلاه. ۵ 5
Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
شامگاهان برمی گردند و مثل سگ بانگ می‌کنند و در شهردور می‌زنند. ۶ 6
Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.
از دهان خود بدی را فرومی ریزند. در لبهای ایشان شمشیرهاست. زیرا می‌گویند: «کیست که بشنود؟» ۷ 7
Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
و اما تو‌ای خداوند، بر ایشان خواهی خندید و تمامی امت‌ها را استهزا خواهی نمود. ۸ 8
Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.
‌ای قوت من بسوی تو انتظار خواهم کشید زیراخدا قلعه بلند من است. ۹ 9
Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.
خدای رحمت من پیش روی من خواهد رفت. خدا مرا بردشمنانم نگران خواهد ساخت. ۱۰ 10
Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
ایشان را به قتل مرسان. ۱۱ 11
Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
به‌سبب گناه زبان و سخنان لبهای خود، در تکبر خویش گرفتار شوند. و به عوض لعنت و دروغی که می‌گویند، ۱۲ 12
Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
ایشان را فانی کن در غضب فانی کن تا نیست گردند و بدانند که خدادر یعقوب تا اقصای زمین سلطنت می‌کند. سلاه. ۱۳ 13
Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.
و شامگاهان برگردیده، مثل سگ بانگ زنند ودر شهر گردش کنند. ۱۴ 14
Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.
و برای خوراک پراکنده شوند و سیر نشده، شب را بسر برند. ۱۵ 15
Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.
و اما من قوت تو را خواهم سرایید و بامدادان از رحمت تو ترنم خواهم نمود. زیرا قلعه بلند من هستی ودر روز تنگی ملجای منی. ۱۶ 16
Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray.
‌ای قوت من برای تو سرود می‌خوانم، زیرا خدا قلعه بلند من است وخدای رحمت من. ۱۷ 17
Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.

< مزامیر 59 >