< مزامیر 39 >

برای یدوتون سالار مغنیان. مزمور داود گفتم راههای خود را حفظ خواهم کردتا به زبانم خطا نورزم. دهان خود را به لجام نگاه خواهم داشت، مادامی که شریر پیش من است. ۱ 1
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
من گنگ بودم و خاموش و از نیکویی نیز سکوت کردم و درد من به حرکت آمد. ۲ 2
Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans. Mwen te evite menm sa ki ta kab bon. Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
دلم در اندرونم گرم شد. چون تفکر می‌کردم آتش افروخته گردید. پس به زبان خود سخن گفتم. ۳ 3
Kè m te cho anndan m. Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile. Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
‌ای خداوند اجل مرا بر من معلوم ساز و مقدارایامم را که چیست تا بفهمم چه قدر فانی هستم. ۴ 4
SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo. Fè m konnen ke m fèb anpil.
اینک روزهایم را مثل یک وجب ساخته‌ای وزندگانی‌ام در نظر تو هیچ است. یقین هر آدمی محض بطالت قرار داده شد، سلاه. ۵ 5
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
اینک انسان در خیال رفتار می‌کند و محض بطالت مضطرب می‌گردد. ذخیره می‌کند و نمی داند کیست که ازآن تمتع خواهد برد. ۶ 6
Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
و الان‌ای خداوند برای چه منتظر باشم؟ امید من بر تو می‌باشد. ۷ 7
Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.
مرا از همه گناهانم برهان و مرا نزد جاهلان عار مگردان. ۸ 8
Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
من گنگ بودم وزبان خود را باز نکردم زیرا که تو این را کرده‌ای. ۹ 9
Mwen tounen tibebe. Mwen pa ouvri bouch mwen, akoz se Ou ki te fè sa.
بلای خود را از من بردار زیرا که از ضرب دست تو من تلف می‌شوم. ۱۰ 10
Rete touman Ou sou mwen. Kou men Ou venk mwen. M ap peri.
چون انسان را به‌سبب گناهش به عتابها تادیب می‌کنی، نفایس اورا مثل بید می‌گذاری. یقین هر انسان محض بطالت است، سلاه. ۱۱ 11
Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
‌ای خداوند دعای مرابشنو و به فریادم گوش بده و از اشکهایم ساکت مباش، زیرا که من غریب هستم در نزد تو و نزیل هستم مثل جمیع پدران خود. ۱۲ 12
Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
روی (خشم )خود را از من بگردان تا فرحناک شوم قبل از آنکه رحلت کنم و نایاب گردم. ۱۳ 13
Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

< مزامیر 39 >