< خروج 36 >

«و بصلئیل و اهولیاب و همه دانادلانی که خداوند حکمت و فطانت بدیشان داده است، تا برای کردن هر صنعت خدمت قدس، ماهر باشند، موافق آنچه خداوند امرفرموده است، کار بکنند.» ۱ 1
“Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
پس موسی، بصلئیل واهولیاب و همه دانادلانی را که خداوند در دل ایشان حکمت داده بود، و آنانی را که دل ایشان، ایشان را راغب ساخته بود که برای کردن کارنزدیک بیایند، دعوت کرد. ۲ 2
Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.
و همه هدایایی را که بنی‌اسرائیل برای بجا آوردن کار خدمت قدس آورده بودند، از حضور موسی برداشتند، و هربامداد هدایای تبرعی دیگر نزد وی می‌آوردند. ۳ 3
Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bon volonte yo chak maten.
و همه دانایانی که هر گونه کار قدس رامی ساختند، هر یک از کار خود که در آن مشغول می‌بود، آمدند. ۴ 4
Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè,
و موسی را عرض کرده، گفتند: «قوم زیاده از آنچه لازم است برای عمل آن کاری که خداوند فرموده است که ساخته شود، می‌آورند.» ۵ 5
pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”
و موسی فرمود تا در اردو ندا کرده، گویند که «مردان و زنان هیچ کاری دیگر برای هدایای قدس نکنند.» پس قوم از آوردن بازداشته شدند. ۶ 6
Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò.
و اسباب برای انجام تمام کار، کافی، بلکه زیاده بود. ۷ 7
Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li.
پس همه دانادلانی که در کار اشتغال داشتند، ده پرده مسکن را ساختند، از کتان نازک تابیده شده و لاجورد و ارغوان و قرمز، و آنها را باکروبیان از صنعت نساج ماهر ترتیب دادند. ۸ 8
Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo.
طول هر پرده بیست و هشت ذراع، و عرض هر پرده چهار ذراع. همه پرده‌ها را یک اندازه بود. ۹ 9
Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi.
وپنج پرده را با یکدیگر بپیوست، و پنج پرده را بایکدیگر بپیوست، ۱۰ 10
Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt.
و بر لب یک پرده در کنارپیوستگی‌اش مادگیهای لاجورد ساخت، وهمچنین در لب پرده بیرونی در‌پیوستگی دوم ساخت. ۱۱ 11
Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan.
و در یک پرده، پنجاه مادگی ساخت، و در کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی دومین بود، پنجاه مادگی ساخت. و مادگیها مقابل یکدیگربود. ۱۲ 12
Li te fè senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt.
و پنجاه تکمه زرین ساخت، و پرده‌ها را به تکمه‌ها با یکدیگر بپیوست، تا مسکن یک باشد. ۱۳ 13
Li te fè senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès.
و پرده‌ها از پشم بز ساخت بجهت خیمه‌ای که بالای مسکن بود؛ آنها را پانزده پرده ساخت. ۱۴ 14
Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou.
طول هر پرده سی ذراع، و عرض هر پرده چهار ذراع؛ و یازده پرده را یک اندازه بود. ۱۵ 15
Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi.
وپنج پرده را جدا پیوست، و شش پرده را جدا. ۱۶ 16
Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo.
وپنجاه مادگی بر کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی بیرونی بود ساخت، و پنجاه مادگی در کنار پرده در‌پیوستگی دوم. ۱۷ 17
Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan.
و پنجاه تکمه برنجین برای پیوستن خیمه بساخت تا یک باشد. ۱۸ 18
Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl.
و پوششی از پوست قوچ سرخ شده برای خیمه ساخت، وپوششی بر زبر آن از پوست خز. ۱۹ 19
Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè.
و تخته های قایم از چوب شطیم برای مسکن ساخت. ۲۰ 20
Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat.
طول هر تخته ده ذراع، وعرض هر تخته یک ذراع و نیم. ۲۱ 21
Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch.
هر تخته را دوزبانه بود مقرون یکدیگر، و بدین ترکیب همه تخته های مسکن را ساخت. ۲۲ 22
Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la.
و تخته های مسکن را ساخت، بیست تخته به‌جانب جنوب به طرف یمانی، ۲۳ 23
Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
و چهل پایه نقره زیر بیست تخته ساخت، یعنی دو پایه زیر تخته‌ای برای دوزبانه‌اش، و دو پایه زیر تخته دیگر برای دوزبانه‌اش. ۲۴ 24
Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li.
و برای جانب دیگر مسکن به طرف شمال، بیست تخته ساخت. ۲۵ 25
Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo,
و چهل پایه نقره آنها را یعنی دو پایه زیر یک تخته‌ای و دو پایه زیرتخته دیگر. ۲۶ 26
ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
و برای موخر مسکن به طرف مغرب، شش تخته ساخت. ۲۷ 27
Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch.
و دو تخته برای گوشه های مسکن در هر دو جانبش ساخت. ۲۸ 28
Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè.
واز زیر با یکدیگر پیوسته شد، و تا سر آن با هم دریک حلقه تمام شد. و همچنین برای هر دو در هردو گوشه کرد. ۲۹ 29
Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo.
پس هشت تخته بود، و پایه های آنها از نقره شانزده پایه، یعنی دو پایه زیر هرتخته. ۳۰ 30
Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch.
و پشت بندها از چوب شطیم ساخت، یعنی پنج برای تخته های یک جانب مسکن، ۳۱ 31
Epi li te fè travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la,
و پنج پشت بند برای تخته های جانب دیگر مسکن، وپنج پشت بند برای تخته های موخر جانب غربی مسکن. ۳۲ 32
epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès.
و پشت بند وسطی را ساخت تا در میان تخته‌ها از سر تا سر بگذرد. ۳۳ 33
Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan.
تخته‌ها را به طلاپوشانید، و حلقه های آنها را از طلا ساخت تابرای پشت بندها، خانه‌ها باشد، و پشت بندها را به طلا پوشانید. ۳۴ 34
Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò.
و حجاب را از لاجورد و ارغوان و قرمز و کتان نازک تابیده شده ساخت، و آن را باکروبیان از صنعت نساج ماهر ترتیب داد. ۳۵ 35
Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye.
وچهار ستون از چوب شطیم برایش ساخت، و آنهارا به طلا پوشانید و قلابهای آنها از طلا بود، وبرای آنها چهار پایه نقره ریخت. ۳۶ 36
Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo.
و پرده‌ای برای دروازه خیمه از لاجورد و ارغوان و قرمز وکتان نازک تابیده شده از صنعت طراز بساخت. ۳۷ 37
Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran;
و پنج ستون آن و قلابهای آنها را ساخت وسرها و عصاهای آنها را به طلا پوشانید و پنج پایه آنها از برنج بود. ۳۸ 38
epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.

< خروج 36 >