< خروج 26 >

«و مسکن را از ده پرده کتان نازک تابیده، و لاجورد و ارغوان و قرمز بساز. با کروبیان از صنعت نساج ماهر آنها را ترتیب نما. ۱ 1
“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.
طول یک پرده بیست و هشت ذراع، و عرض یک پرده چهار ذراع، و همه پرده‌ها را یک اندازه باشد. ۲ 2
Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi.
پنج پرده با یکدیگر پیوسته باشد، و پنج پرده با یکدیگر پیوسته. ۳ 3
Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt.
و مادگیهای لاجورد برکنار هر پرده‌ای بر لب پیوستگی‌اش بساز، و برکنار پرده بیرونی در‌پیوستگی دوم چنین بساز. ۴ 4
“Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la.
پنجاه مادگی در یک پرده بساز، و پنجاه مادگی در کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی دوم است بساز، به قسمی که مادگیها مقابل یکدیگر باشد. ۵ 5
Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt.
و پنجاه تکمه زرین بساز و پرده‌ها را به تکمه‌ها با یکدیگرپیوسته ساز، تا مسکن یک باشد. ۶ 6
Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.
و خیمه بالای مسکن را از پرده های پشم بز بساز، و برای آن یازده پرده درست کن. ۷ 7
“Alò ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou.
طول یک پرده سی ذراع، و عرض یک پرده چهار ذراع، و اندازه هر یازده پرده‌یک باشد. ۸ 8
Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi.
و پنج پرده را جدا و شش پرده راجدا، پیوسته ساز، و پرده ششم را پیش روی خیمه دولا کن. ۹ 9
Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.
و پنجاه مادگی بر کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی بیرون است بساز، و پنجاه مادگی بر کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی دوم است. ۱۰ 10
“Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la.
وپنجاه تکمه برنجین بساز، و تکمه‌ها را در مادگیهابگذران، و خیمه را با هم پیوسته ساز تا یک باشد. ۱۱ 11
Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl.
و زیادتی پرده های خیمه که باقی باشد، یعنی نصف پرده که زیاده است، از پشت خیمه آویزان شود. ۱۲ 12
“Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la.
و ذراعی از این طرف و ذراعی از آن طرف که در طول پرده های خیمه زیاده باشد، برطرفین مسکن از هر دو جانب آویزان شود تا آن رابپوشد. ۱۳ 13
Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.
و پوششی برای خیمه از پوست قوچ سرخ شده بساز، و پوششی از پوست خز بر زبرآن. ۱۴ 14
“Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.
«و تخته های قایم از چوب شطیم برای مسکن بساز. ۱۵ 15
“Alò ou va fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat.
طول هر تخته ده ذراع، و عرض هر تخته یک ذراع و نیم. ۱۶ 16
Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch.
و در هر تخته دو زبانه قرینه یکدیگر باشد، و همه تخته های مسکن راچنین بساز. ۱۷ 17
Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo.
و تخته‌ها برای مسکن بساز، یعنی بیست تخته از طرف جنوب به سمت یمانی. ۱۸ 18
“Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
وچهل پایه نقره در زیر آن بیست تخته بساز، یعنی دو پایه زیر یک تخته برای دو زبانه‌اش، و دو پایه زیر یک تخته برای دو زبانه‌اش. ۱۹ 19
Ou va fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo.
و برای جانب دیگر مسکن، از طرف شمال بیست تخته باشد. ۲۰ 20
Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch,
و چهل پایه نقره آنها، یعنی دو پایه زیر یک تخته و دو پایه زیر تخته دیگر. ۲۱ 21
epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch.
و برای موخر مسکن از جانب غربی شش تخته بساز. ۲۲ 22
Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch.
و برای گوشه های مسکن در موخرش دو تخته بساز. ۲۳ 23
“Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè.
واز زیر وصل کرده شود، و تا بالا نیز در یک حلقه باهم پیوسته شود، و برای هر دو چنین بشود، در هردو گوشه باشد. ۲۴ 24
Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo.
و هشت تخته باشد و پایه های آنها از نقره شانزده پایه باشد، یعنی دو پایه زیریک تخته و دو پایه زیر تخته دیگر. ۲۵ 25
Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
«و پشت بندها از چوب شطیم بساز، پنج ازبرای تخته های یک طرف مسکن، ۲۶ 26
“Epi ou va fè senk travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la,
و پنج پشت بند برای تخته های طرف دیگر مسکن، وپنج پشت بند برای تخته های طرف مسکن درموخرش به سمت مغرب. ۲۷ 27
epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la.
و پشت بند وسطی که میان تخته هاست، از این سر تا آن سر بگذرد. ۲۸ 28
Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan.
و تخته‌ها را به طلا بپوشان و حلقه های آنها رااز طلا بساز تا خانه های پشت بندها باشد وپشت بندها را به طلا بپوشان. ۲۹ 29
Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
«پس مسکن را برپا کن موافق نمونه‌ای که در کوه به تو نشان داده شد. ۳۰ 30
“Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.
و حجابی ازلاجورد و ارغوان و قرمز و کتان نازک تابیده شده بساز، از صنعت نساج ماهر با کروبیان ساخته شود. ۳۱ 31
“Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.
و آن را بر چهار ستون چوب شطیم پوشیده شده به طلا بگذار، و قلابهای آنها از طلاباشد و بر چهار پایه نقره قایم شود. ۳۲ 32
Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo.
و حجاب را زیر تکمه‌ها آویزان کن، و تابوت شهادت را درآنجا به اندرون حجاب بیاور، و حجاب، قدس رابرای شما از قدس‌الاقداس جدا خواهد کرد. ۳۳ 33
Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.
وتخت رحمت را بر تابوت شهادت درقدس‌الاقداس بگذار. ۳۴ 34
“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la.
و خوان را بیرون حجاب و چراغدان را برابر خوان به طرف جنوبی مسکن بگذار، و خوان را به طرف شمالی آن برپا کن. ۳۵ 35
Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a.
و پرده‌ای برای دروازه مسکن از لاجورد و ارغوان وقرمز و کتان نازک تابیده شده از صنعت طرازبساز. ۳۶ 36
“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.
و برای پرده پنج ستون از چوب شطیم بساز، و آنها را به طلا بپوشان، و قلابهای آنها ازطلا باشد، و برای آنها پنج پایه برنجین بریز. ۳۷ 37
Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”

< خروج 26 >