< 出エジプト記 37 >

1 ベザレル合歓木をもて櫃をつくれりその長は二キユビト半その寛は一キユビト半、その高は一キユビト半
Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi.
2 而して純金をもてその内外を蔽ひてその上の周圍に金の縁を造れり
Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l.
3 又金の環四箇を鋳てその四の足につけたり即ち此旁に二箇の輪彼旁に二箇の輪を付く
Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li.
4 又合歓木をもて杠を作りてこれに金を着せ
Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
5 その杠を櫃の傍の環にさしいれて之をもて櫃をかくべからしむ
Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.
6 又純金をもて贖罪所を造れりその長は二キユビト半その寛は一キユビト半なり
Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè.
7 又金をもて二箇のケルビムを作れり即ち槌にて打て之を贖罪所の兩傍に作り
Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo;
8 一箇のケルブを此方の末に一箇のケルブを彼方の末に置り即ち贖罪所の兩傍にケルビムを作れり
yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo.
9 ケルビムは翼を高く展べ其翼をもて贖罪所を掩ひ其面をたがひに相向く即ちケルビムの面は贖罪所に向ふ
Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.
10 又合歓木をもて案を作れり其長は二キユビト其寛は二キユビト其高は一キユビト半
Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wòte.
11 而て純金を之に着せ其周圍に金の縁をつけ
Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li.
12 又其四圍に掌寛の邊を作り其邊の周圍に金の小縁を作れり
Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la.
13 而て之が爲に金の環四箇を鋳其足の四隅に其環を付たり
Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo.
14 即ち環は邊の側に在て案を舁く杠を入る處なり
Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.
15 而て合歓木をもて案を舁く杠を作りて之に金を着せたり
Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la.
16 又案の上の器具即ち皿匙杓及び酒を灌ぐ斝を純金にて作れり
Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.
17 又純金をもて一箇の燈臺を造れり即ち槌をもて打て其燈臺を作れり其臺座軸萼節及び花は其に連る
Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li.
18 六の枝その旁より出づ即ち燈臺の三の枝は此旁より出で燈臺の三の枝は彼傍より出づ
Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li;
19 巴旦杏の花の形せる三の萼節および花とともに此枝にあり又巴旦杏の花の形せる三の萼節および花とともに彼枝にあり燈臺より出る六の枝みな斯のごとし
twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.
20 巴旦杏の花の形せる四の萼その節および花とともに燈臺にあり
Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo;
21 兩箇の枝の下に一箇の節あり又兩箇の枝の下に一箇の節あり又兩箇の枝の下に一箇の節あり燈臺より出る六の枝みな是のごとし
epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a.
22 その節と枝とは其に連れり皆槌にて打て純金をもて造れり
Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.
23 又純金をもて七箇の燈盞と燈鉗と剪燈盤を造れり
Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi.
24 燈臺とその諸の器具は純金一タラントをもて作れり
Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.
25 又合歓木をもて香壇を造れり其長一キユピトその寛二キユビトにして四角なりその高は二キユビトにしてその角は其より出づ
Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li.
26 その上その四旁その角ともに純金を着せその周圍に金の縁を作れり
Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt.
27 又その兩面に金の縁の下に金の環二箇をこれがために作れり即ちその兩旁にこれを作る是すなはち之を舁ところの杠を貫くところなり
Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo.
28 又合歓木をもてその杠をつくりて之に金を着せたり
Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
29 又薫物をつくる法にしたがひて聖灌膏と香物の清き香とを製れり
Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.

< 出エジプト記 37 >