< Zakari 10 >

1 Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.
Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse.
2 Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kòn fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje.
Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.
3 Kòlè Mwen limen kont bèje yo. Mwen va pini mal kabrit yo, paske SENYÈ dèzame yo te vizite bann mouton li an lakay Juda, e Li va fè yo vin tankou cheval majeste Li nan batay la.
Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè.
4 De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm.
M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti.
5 Yo va tankou mesye pwisan yo, k ap foule lènmi yo anba pye yo, nan labou lari a nan batay la. Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.
6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.
Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.
7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan e kè yo va kontan konsi se ak diven. Anverite, pitit yo va wè sa, e yo va kontan, kè yo va rejwi nan SENYÈ a.
Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo.
8 Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.
Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an.
9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo. Yo va viv ak pitit yo, e yo va retounen.
M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a.
10 Mwen va mennen yo retounen soti nan peyi Égypte la, e rasanble yo soti Assyrie. Mwen va mennen yo antre nan peyi Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.
M'ap fè yo soti kite peyi Lejip tounen lakay yo. M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri. Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban. Peyi a pral twò piti pou yo.
11 Li va pase nan lanmè afliksyon an, e Li va frape lanm lanmè yo, jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch. Epi ògèy Assyrie va vin bese e baton Égypte la va sòti.
Lè pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, mwen menm, Seyè a, m'a frape dlo lanmè a. Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch. Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a. Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li.
12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
Mwen pral bay pèp mwen fòs kouraj ankò. Y'a sèvi m', y'a fè lwanj mwen. Se Seyè a menm ki di sa!

< Zakari 10 >