< Chante Salomon 6 >

1 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?” 2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an, nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, pou ranmase flè lis. 3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen; sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo. 4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa; bèl tankou Jérusalem, mèvèye tankou yon lame ak drapo yo. 5 Vire zye ou! Pa gade m! Paske zye ou fè m egare. Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad. 6 Dan ou tankou yon bann mouton ki fenk monte sot benyen. Yo tout ki pòtre marasa. Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit. 7 De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou. 8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, e jèn fi menm pa kab konte; 9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik; li se sèl fi a manman li. Fi san tach a sila ki te pote li a. Jenn fi yo te wè l e te rele l beni; ni rèn ni konkibin yo. Yo te louwe l pou di: 10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, bèl tankou plèn lin nan, san tach tankou solèy la, e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a? 11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo pou wè bwa vèt yo nan vale a; pou wè si chan rezen fin fè boujon, oswa grenad yo te fleri. 12 Avan mwen te menm konnen, dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an. 13 Retounen, retounen, O Silamit lan; retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! Salomon Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

< Chante Salomon 6 >