< Chante Salomon 2 >

1 Mwen se flè Woz Saron an, flè Lis a vale yo. 2 Tankou yon flè lis pami pikan yo, se konsa cheri mwen an ye pami tout jenn fi yo. 3 Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m. 4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li, e drapo li monte sou mwen an se lanmou. 5 Ban m fòs ak gato rezen, rafrechi m ak pòm, akoz mwen malad ak lanmou. 6 Kite men goch li rete anba tèt mwen ak men dwat li pou l anbrase m. 7 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li. 8 Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo! 9 Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a. 10 Cheri mwen an te reponn mwen e te di m: “Leve vini cheri mwen an, pi bèl mwen an. 11 Paske gade, sezon fredi a fin pase, lapli fin pati nèt. 12 Flè yo deja parèt nan peyi a; tan an chante a fin rive! Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a. 13 Fwi pye fig etranje a fin mi, e chan rezen yo bay odè pafen. Leve vini, annou pati!” 14 O toutrèl nan fant wòch mwen an, nan kote sekrè chemen ki monte apik, kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt. 15 Kenbe rena yo pou nou, ti rena k ap detwi chan rezen yo, paske chan nou yo ap fè flè. 16 Cheri mwen an se pa m, e mwen se pa l. Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo. 17 Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

< Chante Salomon 2 >