< Rit 4 >

1 Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita.
Then went Boaz up to the gate, and sat him down there: and, behold, the kinsman of whom Boaz spake came by; unto whom he said, Ho, such a one! turn aside, sit down here. And he turned aside, and sat down.
2 Li te pran dizòm nan ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita.
And he took ten men of the elders of the city, and said, Sit ye down here. And they sat down.
3 Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè ki te pou frè nou an, Élimélec.
And he said unto the kinsman, Naomi, that is come again out of the country of Moab, selleth a parcel of land, which [was] our brother Elimelech’s:
4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”
And I thought to advertise thee, saying, Buy [it] before the inhabitants, and before the elders of my people. If thou wilt redeem [it], redeem [it: ] but if thou wilt not redeem [it, then] tell me, that I may know: for [there is] none to redeem [it] beside thee; and I [am] after thee. And he said, I will redeem [it].
5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi a, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”
Then said Boaz, What day thou buyest the field of the hand of Naomi, thou must buy [it] also of Ruth the Moabitess, the wife of the dead, to raise up the name of the dead upon his inheritance.
6 Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.”
And the kinsman said, I cannot redeem [it] for myself, lest I mar mine own inheritance: redeem thou my right to thyself; for I cannot redeem [it].
7 Alò sa se te koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël.
Now this [was the manner] in former time in Israel concerning redeeming and concerning changing, for to confirm all things; a man plucked off his shoe, and gave [it] to his neighbour: and this [was] a testimony in Israel.
8 Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.
Therefore the kinsman said unto Boaz, Buy [it] for thee. So he drew off his shoe.
9 Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo.
And Boaz said unto the elders, and [unto] all the people, Ye [are] witnesses this day, that I have bought all that [was] Elimelech’s, and all that [was] Chilion’s and Mahlon’s, of the hand of Naomi.
10 Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”
Moreover Ruth the Moabitess, the wife of Mahlon, have I purchased to be my wife, to raise up the name of the dead upon his inheritance, that the name of the dead be not cut off from among his brethren, and from the gate of his place: ye [are] witnesses this day.
11 Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan.
And all the people that [were] in the gate, and the elders, said, [We are] witnesses. The LORD make the woman that is come into thine house like Rachel and like Leah, which two did build the house of Israel: and do thou worthily in Ephratah, and be famous in Beth-lehem:
12 Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”
And let thy house be like the house of Pharez, whom Tamar bare unto Judah, of the seed which the LORD shall give thee of this young woman.
13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis.
So Boaz took Ruth, and she was his wife: and when he went in unto her, the LORD gave her conception, and she bare a son.
14 Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël!
And the women said unto Naomi, Blessed [be] the LORD, which hath not left thee this day without a kinsman, that his name may be famous in Israel.
15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans.
And he shall be unto thee a restorer of [thy] life, and a nourisher of thine old age: for thy daughter in law, which loveth thee, which is better to thee than seven sons, hath born him.
16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.”
And Naomi took the child, and laid it in her bosom, and became nurse unto it.
17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.
And the women her neighbours gave it a name, saying, There is a son born to Naomi; and they called his name Obed: he [is] the father of Jesse, the father of David.
18 Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: Pérets te fè Hetsron,
Now these [are] the generations of Pharez: Pharez begat Hezron,
19 Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab;
And Hezron begat Ram, and Ram begat Amminadab,
20 Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon;
And Amminadab begat Nahshon, and Nahshon begat Salmon,
21 Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed;
And Salmon begat Boaz, and Boaz begat Obed,
22 Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.
And Obed begat Jesse, and Jesse begat David.

< Rit 4 >