< Ròm 16 >

1 Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a.
I commend to you Phoebe, our sister, who is a servant of the assembly that is at Cenchreae,
2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.
that you receive her in the Lord in a way worthy of the holy ones, and that you assist her in whatever matter she may need from you, for she herself also has been a helper of many, and of my own self.
3 Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris,
Greet Prisca and Aquila, my fellow workers in Messiah Yeshua,
4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo.
who risked their own necks for my life, to whom not only I give thanks, but also all the assemblies of the Gentiles.
5 Salye osi tout legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a.
Greet the assembly that is in their house. Greet Epaenetus, my beloved, who is the first fruits of Achaia to Messiah.
6 Salye Marie ki travay di pou nou.
Greet Miriam, who laboured much for us.
7 Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m.
Greet Andronicus and Junia, my relatives and my fellow prisoners, who are notable amongst the emissaries, who were also in Messiah before me.
8 Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a.
Greet Amplias, my beloved in the Lord.
9 Salye Urbain, ouvriye parèy a nou nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan.
Greet Urbanus, our fellow worker in Messiah, and Stachys, my beloved.
10 Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo.
Greet Apelles, the approved in Messiah. Greet those who are of the household of Aristobulus.
11 Salye Hérodion fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a.
Greet Herodion, my kinsman. Greet them of the household of Narcissus, who are in the Lord.
12 Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a.
Greet Tryphaena and Tryphosa, who labour in the Lord. Greet Persis, the beloved, who laboured much in the Lord.
13 Salye Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou.
Greet Rufus, the chosen in the Lord, and his mother and mine.
14 Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo.
Greet Asyncritus, Phlegon, Hermes, Patrobas, Hermas, and the brothers who are with them.
15 Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout fidèl ki avèk yo.
Greet Philologus and Julia, Nereus and his sister, and Olympas, and all the holy ones who are with them.
16 Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou.
Greet one another with a holy kiss. The assemblies of Messiah greet you.
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.
Now I beg you, brothers, look out for those who are causing the divisions and occasions of stumbling, contrary to the doctrine which you learnt, and turn away from them.
18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
For those who are such don’t serve our Lord Yeshua the Messiah, but their own belly; and by their smooth and flattering speech they deceive the hearts of the innocent.
19 Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal.
For your obedience has become known to all. I rejoice therefore over you. But I desire to have you wise in that which is good, but innocent in that which is evil.
20 Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.
And the God of peace will quickly crush Satan under your feet. The grace of our Lord Yeshua the Messiah be with you.
21 Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen.
Timothy, my fellow worker, greets you, as do Lucius, Jason, and Sosipater, my relatives.
22 Mwen menm, Tertius k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a.
I, Tertius, who write the letter, greet you in the Lord.
23 Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a.
Gaius, my host and host of the whole assembly, greets you. Erastus, the treasurer of the city, greets you, as does Quartus, the brother.
24 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
The grace of our Lord Yeshua the Messiah be with you all! Amen.
25 Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo, (aiōnios g166)
Now to him who is able to establish you according to my Good News and the proclaiming of Yeshua the Messiah, according to the revelation of the mystery which has been kept secret through long ages, (aiōnios g166)
26 men koulye a ki vin manifeste, selon Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a obeyisans lafwa a. (aiōnios g166)
but now is revealed, and by the Scriptures of the prophets, according to the commandment of the eternal God, is made known for obedience of faith to all the nations; (aiōnios g166)
27 A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris ki se laglwa pou tout tan an. Amen. (aiōn g165)
to the only wise God, through Yeshua the Messiah, to whom be the glory forever! Amen. (aiōn g165)

< Ròm 16 >