< Sòm 99 >

1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble! 2 SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo. 3 Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye. 4 Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob. 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye. 6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami (sila) ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo. 7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo. 8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo. Ou te pou yo yon Bondye ki padone, men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo. 9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

< Sòm 99 >