< Sòm 98 >

1 Yon Sòm O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li. 2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt. Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè. 3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël. 4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo! 5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap, avèk ap ak vwa melodi a. 6 Avèk twonpèt ak son a kòn. Rele fò devan Wa a, SENYÈ a. 7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann, Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo. 8 Kite larivyè yo bat men yo. Kite mòn yo chante ansanm ak jwa 9 devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.

< Sòm 98 >