< Sòm 95 >

1 O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
Chodźcie, śpiewajmy PANU, wykrzykujmy [radośnie] skale naszego zbawienia.
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
Przyjdźmy przed jego oblicze z chwałą, [radośnie] śpiewajmy mu psalmy.
3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
PAN bowiem [jest] wielkim Bogiem i wielkim Królem nad wszystkimi bogami.
4 Nan men (Sila) pwofondè latè yo ye a. Pwent mòn yo osi se pou Li.
W jego rękach [są] głębiny ziemi i jego [są] szczyty gór.
5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l. Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
Jego jest morze, bo on je uczynił, i jego ręce ukształtowały suchy ląd.
6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
Chodźcie, oddajmy pokłon i padajmy przed nim; klęknijmy przed PANEM, naszym Stwórcą.
7 Paske se Li menm ki Bondye nou an. Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
On bowiem jest naszym Bogiem, a my ludem jego pastwiska i owcami jego rąk. Dzisiaj, jeśli jego głos usłyszycie;
8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba, tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
Nie zatwardzajcie waszych serc jak w Meriba, jak w czasie kuszenia na pustyni;
9 “lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv. Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
Kiedy mnie wystawiali na próbę wasi ojcowie, doświadczali mnie i widzieli moje dzieła.
10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon (sila) a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
Przez czterdzieści lat czułem odrazę do [tego] pokolenia i powiedziałem: Ten lud błądzi sercem i nie poznał moich dróg;
11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”
Przysiągłem im w gniewie, że nie wejdą do mego odpoczynku.

< Sòm 95 >