< Sòm 65 >

1 Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan. Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion. Ve yo va fèt anvè Ou. 2 O Ou menm ki tande priyè yo, a Ou menm tout moun vini. 3 Inikite m t ap kanpe kont mwen; men pou transgresyon nou yo, Ou kouvri yo. 4 A la beni se (sila) ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a. 5 Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an. 6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou, Akoz Ou pran zam pwisans Ou. 7 Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo. 8 (Sila) ki rete jis nan dènye pwent latè yo kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa. 9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l. 10 Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li. 11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la. 12 Patiraj nan dezè yo gen abondans, Epi kolin yo mare senti yo ak jwa. 13 Chan yo abiye menm ak bann mouton. Vale yo fin ranpli ak sereyal. Yo rele fò ak lajwa! Konsa, yo chante.

< Sòm 65 >