< Sòm 58 >

1 Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo? 2 Non, nan kè, nou fòmante inikite. Sou latè, nou peze balans pou separe bay vyolans ak men nou. 3 Mechan yo pèvès depi nan vant. (Sila) ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo. 4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan. Kon vipè soud ki bouche zòrèy li, 5 pou li pa tande vwa a (sila) k ap chame li yo, malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga. 6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ. 7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt. 8 Kite yo tankou kalmason ki fonn, ki vin disparèt pandan l ap mache, tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la. 9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak (sila) kap brile yo, ansanm. 10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo, 11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

< Sòm 58 >