< Sòm 53 >

1 Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath Yon refleksyon pa David Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon. 2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye. 3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn. 4 Èske malfektè a mechanste (sila) yo pa gen okenn konesans, ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje, epi ki pa rele Bondye? 5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a (sila) ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo. 6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

< Sòm 53 >