< Sòm 50 >

1 Yon Sòm Asaph (Sila) Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.
מזמור לאסף אל אלהים יהוה-- דבר ויקרא-ארץ ממזרח-שמש עד-מבאו
2 Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.
מציון מכלל-יפי-- אלהים הופיע
3 Bondye nou vin parèt. Li pa rete an silans. Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
יבא אלהינו ואל-יחרש אש-לפניו תאכל וסביביו נשערה מאד
4 Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:
יקרא אל-השמים מעל ואל-הארץ לדין עמו
5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M, (Sila) ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
אספו-לי חסידי-- כרתי בריתי עלי-זבח
6 Epi syèl yo deklare ladwati Li, paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
ויגידו שמים צדקו כי-אלהים שפט הוא סלה
7 “Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
שמעה עמי ואדברה-- ישראל ואעידה בך אלהים אלהיך אנכי
8 Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
לא על-זבחיך אוכיחך ועולתיך לנגדי תמיד
9 Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou, Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
לא-אקח מביתך פר ממכלאתיך עתודים
10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen, ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
כי-לי כל-חיתו-יער בהמות בהררי-אלף
11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo. Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
ידעתי כל-עוף הרים וזיז שדי עמדי
12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa, paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
אם-ארעב לא-אמר לך כי-לי תבל ומלאה
13 Èske m ta manje chè towo yo, oswa bwè san a mal kabrit yo?
האוכל בשר אבירים ודם עתודים אשתה
14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.
זבח לאלהים תודה ושלם לעליון נדריך
15 Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
וקראני ביום צרה אחלצך ותכבדני
16 Men a mechan yo Bondye di: “Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo, pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
ולרשע אמר אלהים מה-לך לספר חקי ותשא בריתי עלי-פיך
17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
ואתה שנאת מוסר ותשלך דברי אחריך
18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l, epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
אם-ראית גנב ותרץ עמו ועם מנאפים חלקך
19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste. Lang ou fè ankadreman pou manti.
פיך שלחת ברעה ולשונך תצמיד מרמה
20 Ou chita pale kont frè ou. Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
תשב באחיך תדבר בבן-אמך תתן-דפי
21 Bagay sa yo, ou te fè yo, e Mwen pa t di yon mo. Ou te konprann ke M te menm jan ak ou. Mwen va repwoche ou e pale ka a an lòd devan zye ou.
אלה עשית והחרשתי-- דמית היות-אהיה כמוך אוכיחך ואערכה לעיניך
22 Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
בינו-נא זאת שכחי אלוה פן-אטרף ואין מציל
23 (Sila) ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a (sila) ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”
זבח תודה יכבדנני ושם דרך--אראנו בישע אלהים

< Sòm 50 >