< Sòm 38 >

1 Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile. 2 Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m. 3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen. 4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen. 5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen. 6 Mwen fin koube nèt e bese anpil. Mwen ap fè doulè tout lajounen. 7 Paske ren mwen plen ak brile. Nanpwen anyen ansante nan chè m. 8 Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite. 9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou. Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm. 10 Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen. 11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen. 12 (Sila) ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. (Sila) ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen. 13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri, mwen pa tande; Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li. 14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. E nan bouch mwen, pa gen repons. 15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ. Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an. 16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.” 17 Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan. 18 Konsa, mwen konfese inikite mwen. Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m. 19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz. 20 (Sila) ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon. 21 Pa abandone m, O SENYÈ. O Bondye m nan, pa rete lwen m! 22 Fè vit pou ede mwen, O SENYÈ, delivrans mwen an!

< Sòm 38 >