< Sòm 28 >

1 Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon (sila) ki desann nan twou fòs la nèt. 2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an. 3 Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk (sila) ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo. 4 Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo. 5 Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo, ni travay men Li yo. Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte. 6 Beni se SENYÈ a, akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo. 7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi. 8 SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo. 9 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. Devni bèje yo tou, e bay yo soutyen jis pou tout tan.

< Sòm 28 >