< Sòm 27 >

1 Yon sòm David SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz? 2 Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe. 3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè. Malgre lagè leve kont mwen, malgre sa, m ap gen konfyans. 4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an. 5 Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch. 6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a. 7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen. 8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.” 9 Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an. 10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen, Men SENYÈ a va ranmase mwen. 11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo. 12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, (sila) k ap respire vyolans yo. 13 Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo. 14 Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.

< Sòm 27 >