< Sòm 22 >

1 Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an; Yon sòm David. Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
For the leader; set to “Deer of the Dawn”. A psalm of David. My God, my God, why have you left me, my rescue so far from the words of my roaring?
2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.
I cry in the day, you do not answer, I cry in the night but find no rest.
3 Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.
You are the Holy One, throned on the praises of Israel.
4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. Yo te mete konfyans yo nan Ou, e Ou te delivre yo.
In you our ancestors trusted, they trusted and you delivered them.
5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
They cried to you, and found safety, in you did they trust and were not put to shame.
6 Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.
But I am a worm, not a person; insulted by others, despised by the people.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:
All who see me mock me, with mouths wide open and wagging heads:
8 Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
‘He relies on the Lord; let him save him. Let him rescue the one he holds dear!’
9 Sepandan, Ou menm se (Sila) ki te fè m sòti nan vant manman m nan. Ou te fè m gen konfyans depi m t ap souse tete manman m.
But you drew me from the womb, laid me safely on my mother’s breasts.
10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
On your care was I cast from my very birth, you are my God from my mother’s womb.
11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
Be not far from me, for trouble is nigh, and there is none to help.
12 Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.
I am circled by many bulls, beset by the mighty of Bashan,
13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.
who face me with gaping jaws, like ravening roaring lions.
14 Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.
Poured out am I like water, and all my bones are loosened. My heart is become like wax, melted within me.
15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
My palate is dry as a sherd, my tongue sticks to my jaws; in the dust of death you lay me.
16 Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.
For dogs are round about me, a band of knaves encircles me, gnawing my hands and my feet.
17 Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
I can count my bones, every one. As for them, they feast their eyes on me.
18 Yo divize rad mwen pami yo. Pou vètman m, yo tire osò.
They divide my garments among them, and over my raiment cast lots.
19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
But you, O Lord, be not far, O my strength, hasten to help me.
20 Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.
Deliver my life from the sword my life from the power of the dogs.
21 Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.
Save me from the jaws of the lion, from the horns of the wild oxen help me.
22 Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
I will tell of your fame to my kindred, and in the assembly will praise you.
23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo.
Praise the Lord, you who fear him. All Jacob’s seed, give him glory. All Israel’s seed, stand in awe of him.
24 Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
For he has not despised nor abhorred the sorrow of the sorrowful. He hid not his face from me, but he listened to my cry for help.
25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan (sila) ki krent Li yo.
Of you is my praise in the great congregation; my vows I will pay before those who fear him.
26 Aflije yo va manje e va satisfè. (Sila) ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
The afflicted will eat to their heart’s desire, and those who seek after the Lord will praise him. Lift up your hearts forever.
27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.
All will call it to mind, to the ends of the earth, and turn to the Lord; and all tribes of the nations will bow down before you.
28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a, e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
For the kingdom belongs to the Lord: he is the Lord of the nations.
29 Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout (sila) ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm (sila) ki pa kab fè nanm li viv la.
To him will bow down all who sleep in the earth, and before him bend all who go down to the dust, and those who could not preserve their lives.
30 Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an.
My descendants will tell of the Lord to the next generation;
31 Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.
they will declare his righteousness to people yet to be born: He has done it.

< Sòm 22 >