< Sòm 22 >

1 Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an; Yon sòm David. Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen. 2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo. 3 Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la. 4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. Yo te mete konfyans yo nan Ou, e Ou te delivre yo. 5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi. 6 Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun. 7 Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di: 8 Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li. 9 Sepandan, Ou menm se (Sila) ki te fè m sòti nan vant manman m nan. Ou te fè m gen konfyans depi m t ap souse tete manman m. 10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m. 11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m. 12 Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m. 13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò. 14 Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente. 15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a. 16 Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m. 17 Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen. 18 Yo divize rad mwen pami yo. Pou vètman m, yo tire osò. 19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m! 20 Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an. 21 Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen. 22 Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou. 23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo. 24 Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande. 25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan (sila) ki krent Li yo. 26 Aflije yo va manje e va satisfè. (Sila) ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan! 27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou. 28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a, e pouvwa Li se sou tout nasyon yo. 29 Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout (sila) ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm (sila) ki pa kab fè nanm li viv la. 30 Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an. 31 Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

< Sòm 22 >