< Sòm 146 >

1 Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen! 2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a. 3 Pa mete konfyans nan prens yo. Nan lòm mòtèl, nan (sila) nanpwen Sali a. 4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri. 5 A la beni (sila) ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, (sila) ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a, 6 Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan. 7 Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète. 8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve (sila) ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo. 9 SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an. 10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan, Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo. Louwe SENYÈ a!

< Sòm 146 >