< Sòm 144 >

1 Yon Sòm David Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay. 2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan (sila) mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m. 3 O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li? 4 Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase. 5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen. 6 Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon. 7 Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak 8 bouch kap pale manti yo e men dwat a (sila) ki se men dwat a manti yo. 9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm, 10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a. 11 Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a (sila) ki pale desepsyon yo, e men dwat a (sila) ki men dwat a manti yo. 12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal. 13 Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo. 14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo. 15 A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.

< Sòm 144 >